Nombre total de pages vues

Aucun message portant le libellé darlinjohancy. Afficher tous les messages
Aucun message portant le libellé darlinjohancy. Afficher tous les messages

jeudi 15 juin 2017

Koulèv ak fèy lang...

Mennen koulèv la
al wè fèy lang
Se youn
Fè li rantre ladann
Se de...

Bel rad paweze
Machin ak soulye
Pakin sou do lanperè
Bò jaden bannann
Lakilti ap brase
Bèl randevou
Gwo randevou

Talon kikit
Talon bwa
Vire tounen
Mwen mwen
Filèt tap kase
Sèlfi pèdi lavi'l
Sèl, fi, pè di lavi pa fini
Depi nou pran solèy la, 
Chalè a, rad yo,
Sachè yo, Tab yo ak rabè ya
Mete ansanm pou devlope peyi
Wouy M'bliye moun yo...

Moun yo anba MACHIN
Lavi chè, lamizè BLO yo
Y'ap gouye, ya'p chante RÒK solid
O ròk solid la, se la yo vle kanpe
Men adje moun yo pa ka la
Lakou a pa pou yo
Eskpoze konesans
Pa vle di li pou ou
M'vann ou liv,
ki mele'm ou pa li'l
M'vann ou blan po nwa
M'vann ou nwa Po blan
Konesans tout plimay
Pentire mizè'w ak koulè lespwa
Ki mele'm ou pa li'l

Rantre andidan
Manje nannan'l
Pou Chak ti mak nwa
Pote limyè...

Mennen koulèv al wè fèy lang
Se youn
Fè li rantre adedan liv...
An...
Foli'w gen...

dimanche 11 juin 2017

Grenn nan angrenay ou

Ou bèl,
Ou sou do
Ciel ble a sou tèt nou, m'ap swe
kòm si'm t'ap fon bagay serye
Ou pa di way...
Moun p'ap tande men'm bri souf ou
Mwen m'ap pleyen
Adje gade jan fè Bagay sa di...

Mete grenn
Ou pa may
w'ap pran grenn
Ou pa di Way
Ayayay agrenay ou bon

Se pa jodi w'ap banm sèvis
Ane ap pase
Ou rete bèl
Ou rete djanm

Depi'm maten
M'fèmen telefòn
M'pa sou fesbouk
Touidè ak enstagram
Mwen gon sèl lokipasyon
Vire'w, tounen'w
Mete grenn nan agrenay ou...
M'ap swe, ou pa may
M'ap plenyen, ou pa di way
Grenn pa tròp  pou ou
W'ap banm plezi san'w pa fè bri

Akasan pwal pèdi lavi'l
Moulen, m'ap moulen mayi

DarlinJohancy

vendredi 24 mars 2017

Jouk bouboun bave

Jouk Bouboun bave
Lang mwen
Seche'l
Kilòt va monte bwa
Pou solèy seche
Dlo ki sal li

Limyè je'w an je'm
M'avèg
Janm ou louvri
Mwen wè
Jan ou kouvri'm
Ak pye'w ki pase nan kou'm..
M'pa manje vyann
Mwen souse fèy...
Fè'm sezi douvanjou
Rete sou tè toujou
M'pa manje vyann
Mwen souse fèy jouk
Bouboun bave

Pwèl se fil a koud
Zegwi mwen kanpe
Twal la nan nannan'w
Kouti ta dwe komanse
Men m'pa anvi manje vyann
M'pito souse fèy
Jouk bouboun bave

Jouk Bouboun bave
Pou Lang mwen
Seche'l
Kilòt monte va bwa
Pou solèy seche
Dlo ki sal li

www.facebook.com/pwelzi

mercredi 22 mars 2017

Mwen Yves Imilite kouvri'm

Lòt jou bae
Sote sou telefòn mwen
San kòd
Kè'm bat fò
Mwen tou'm sote
San kòd

Tankou lekti
Nan pawas ledimanch
Bae leve vwa'l
Pou'l li lekriti
Sabrina 3 vèsè 5
Sabrina 3 mesaj  Vé lè 5 kè
Majori  2 vèsè 6
Tania 4 vèsè 8
Debora 8 vèsè 8...

Bea pa kontan
Li sote kèk vèsè
Kite logòs li pran rema
Li rantre fon nan chak vèsè
Li kite pwèl li pran nannan
Li rantre nan fon
Nan mesaj yo....

Mwen silans
Li pwal 11zè
Se lè pou'n al dòmi
San rad,
San slip,
Ak fòs men
san soutyen
Bae fin kalme...
Epi mwen kòmanse

M'kòmanse
Souse ti tete'l
File lang nan zorèy
Jwe nan ti lonbrik li
Bae souri bay nèg l'I
Bae swente, li pale
Nan mitan de soupi
Li di'm cheri mete'l
Mete'l souple papi...

Mwen abiye zouti
Tout andedan'm ap souri
Lanwit la pwal long
Bae ap jwenn pou kòb li

Biiiiip... Biiiiip...
Telefòn mwen zone
Bae desann syèl pa syèl
Pou'l li yon bel pasaj
Natacha 6 vèsè 11....
Legliz la relouvri
Bae gade'm epi'l di :

<< Gason se fritay dòmi
Ou son move "atik Yves"
"Pale mantè"...
Ou gen lalwa dyòl ou
"L'Ère est finie"
Tibwa nan Gwo vid...>>

Mwen gade Cheri a
Mwen souke tèt mwen
Tire kou pa pou mwen
"Imilite" kouvri'm"...

DarlinJohancy

vendredi 17 mars 2017

Pwèl moun fou pou ou

Ap Gen Sipriz wi...
Yon jou n'a wè
Pwèl ap monte tab...

Lè asyèt fayans
Fè timiyèt moso
Pou niche tèt grenn wòch
Pwèl ap monte tab

Chalè lamizè a
Kwit trip
Chalè.... kòk
Benyen nan dlo kokoye

Zannanna pa sirèt
Lè vant vle pen
Pa bal pawòl
Pa fèl pwomès
Ni pa Koupe'l...

Non pa koupe'l
Nan lapriyè'l
Fwa sa se lafwa sèl
Li rete...

Fwa sa fè twa fwa sèl
Fè nich anban lang li
Dlo sikre nan lespri'l
Se yon rèv...

Pwèl...
Pwèl...
moun fou
Pou pen a ze

Pwèl...
Pwèl....
swente
Lwil va koule...
Pwèl moun fou pou ou

Li  atik loopHaiti a sou PWELZI

http://www.loophaiti.com/content/darlin-johancy-michel-met-la-technologie-au-service-de-sa-poésie

lundi 13 mars 2017

Soti nan WOW...

Yon glòs lwil mizik
Mete sal la toutouni...

Sal la toutouni
Pou'l benyen
Nan nannan'w
Sal la vin pwòp...

Nan fant janm letande'm
"V'WOW" koule dous
Tankou dènye alsiyis
Fanm ki konnen nan kè'l
Ke  kòk la p'ap chante 3 fwa
Li pap mete yon gouyad
Kòm ranje, kòm degi
Avan semèn nan fini
L'ap kite'w...

Aaaa...
M'te di Djòlè'w bay
Nan peyi isit
Fanm pa kite gason
Se konsa nou leve
Nou gason
Nou sesi, nou sela
Nou se ponyèt gwo vwa
Nou se bibit
bibit ak bwa...
Fanm pa kite nou
Nou Gason, nou trè WOW

sou tèt mòn
Kote'm te fè nich
Mèteseyè mwen ye
Jounal nan men
M'ap pwan kafe'm
Men Ki mele'm si w'ap pale

Ki mele'm sa pa mache
Depi'm koupe gen dwa
Koud rad la jan mwen vle
Yon bò miwo...
Yon bò miba....
W'ap soufri
Sa se pwoblèm pa'w
Depi'm koupe
Mwen gen tout dwa
Koud rad la jan mwen vle
Yon bò miwo...
Yon bò miba....

M'kenbe kreyon mwen tèt anba
M'panse m'tap ekri non'm
Nan gwo kaye lavi'w
Poutan se gòm m'tap pase
Sou ti rès sa'w santi

Lè van siklòn kite a
Ap rive sou ou
Baz w'ap sezi wè
W'te nan dòmi sou lanmè

Pwent tete
Lonje zorèy li
Tank'on move jouda
Pou'l sène vagabon
Ki vle peze bouda'l
Men'm mizik vwa'w
Di'm "al anba"
Mwen soti nan WOW
M'tonbe nan youn pami lòt yo...

Yon glòs lwil mizik
Mete sal la toutouni...

Sal la toutouni
Pou'l benyen
Nan nannan'w
Sal la vin pwòp
Lè'w di'm ale
Mwen sot nan WOW
M'tonbe nan
Youn pami lòt yo...

Yon kout bale
Wete'm nan kè'w
Pote'm ale...
Jou fan'm di'w pati, ale
Se pa jou sa'l kite'w....

www.facebook.com/pwelzi

jeudi 9 mars 2017

Kotèks

Lwil ap tonbe
An silans
twal ap ranmase..

Ti plenyen'w tankou
Yon bri dèlko tèks mwen
Tèks mwen cheri
Ou mèt dim...

M'ap santi w'ap soufri
M'anvi soufri avè'w

M'ap santi
Chak doulè
Bon ti van
Pote banm
Sou chèz kote'm chita

M'ap santi
Chak soupi
Chak fwa'w mande mouri
M'ap santi'l
M'ap kriye
Men m'ap ri
Lè'm Sonje
Dènye fwa'w  toutouni...

M'pè san, m'pè kilòt
m'anvi al nan bonbon
Men....
Bouboun plen prensip
Youn nan yo se règ...

Sa'k nan janm fanm
Sèl kotèks ki konnen'l
Lè Lwil ap tonbe
An silans
twal ranmase'l
Mete'l nan kontèks li
Kou yon bri dèlko
tèks mwen cheri
Ou mèt dim
M'santi k'ap soufri

www.facebook.com/pwelzi

mercredi 8 mars 2017

Remontada

Gen de kote'w soti
Lombraj ou soti anvan'w
Gen de kraponnay ou pwan
Kè'w al kanpe nan kafou a
Ap tann ki lè bonanj ap pase
Epi pou kò a vinn aprè....

Pi "ba se lòn"
Twal ki ka mare machwè'm

Menaj mwen rete
Anba nan pye mòn nan
Mwen rete piwo
Souvan'm desann al wè'l
Fè ti dòmi
Lè manman'l fè denwit
Bourike lopital
Mwen dòmi nan kay
Menaj mwen pa gen papa
Li rele'm papi pou doudous

Bò lakay
Lanwit pa kite moun soti
Zam marye ak lalin
Zetwal file tonbe sou moun
Demen maten dra blan fè seramik
Jip pase twal mouye
Nan je manman jenn gason

Lòt jou...
li te minwi
Nan mitan de yayad
Manmi sot lopital
Machin nan mennen li
Frape nan pòt
Renm manke bloke
Cheri a sote sou pye'l
Kanbann nan gon resò
M'sezi... M'sote....
Gen de kraponnay ou pwan
Kè'w al kanpe nan kafou a
Ap tann ki lè bonanj ap pase
Epi pou kò a vinn aprè....

Bò lakay
Lanwit pa kite moun soti
Zam marye ak lalin
Zetwal file tonbe sou moun
Demen maten dra blan fè seramik
Jip pase twal mouye
Nan je manman jenn gason

Veye anwo...
Veye anba...
Mwen vire rad mwen lanvè
Pou'm pa pran kout lè
Manmanm te byen benyen'm
Men nèg isi gen lontan
Yo pa nan koze wanga
Se ti manch lan...
Pye kochon an...
Se Bon an...
M'pa gen pwotèj pa bal

Pi "ba se lòn"
Twal ki ka mare machwè'm

Desann fasil
Lè'w pwal fè lanmou
Menaj mwen rete anba
Anba synfoni bal
Vyolon atoufè
Mwen mare kè'm
M'sere dan'm

Si'm kite manmi wè'm
Si'm kite bandi bwè'm
Pi " ba se lòn "
Twal ki ka mare machwè'm
M'gade tèt mòn nan
M'rezyen'm...
M'fon REMONTADA

www.facebook.com/pwelzi

8 mas-karad

Grismas lèd
Lè se ou k'ap gade'l
Maskarad la bèl
Se Lè se ou k'ap fè'l...

Yè Gwo ponyèt
Kite mak
Sou po dèyè Mariz
Men jodia se fèt
Mariz makiye
Kout poud pentire
Kote san t'ap koule
Jodia se fèt
Fòk yo bay mariz flè...

Yè CV janèt nan men'l
Yo mande'l vin nan entèvyou
E Pa jodia non
8 mas biwo a ap fete...
Entèvyou an pou demen
Yo mande'l pou'l vini San kilòt...

8 mas se kanaval
Anpil nèg sou kou
vide sik
Sou kaka bèf
plimen Diyite fanm
Ak kòk selebrasyon
Konsè elatriye
Si menm blag ou
Pa gen sans
Si'w pa malmennen
Yon fanm ladann
Pa gen fèt ki posib

Yè'w Rantre, ou soti
Ou krache sou li
Jodi ou mete kòl
Men dèyè do
Bouke flè nan men'w

Si'w plede pase dife
Nan pwèl li
Yon jou bouboun ap rele
Fanm ki gen fanm nan kilòt li
Jou'l deside
L'ap fè'w boure flè a
Mal kabrit... figi moun...
8 mas ou nan figi'w

www.facebook.com/pwelzi

vendredi 3 mars 2017

Menm Kilòt li

Je'w nan dèyè li
Tou sa l'ap fè 
W'ap veye...
Fò'w pale...

Ou di'w vle
Ede'l mennen lavi'l
Nan bon prensip
Ou envante 
Pou'w sa koupe
"Silaz" yo ki pwan'w
Pou gadò baryè paradi
je'w nan dèyè li
Tou sa l'ap fè 
W'ap veye...

Mouche, fòk sa sispann
Se swa'w preche...
Sa'w koupe...
Men mwen konprann
Pwoblèm ou
Mwen tou m'renmen koupe
Men m'dakò pa preche...

Fòk ou santi
Ke blende koupe ak preche
Bay yon  gode Bann pwoblèm
Ki pa fouti rezoud 
pwoblèm bann ou...

Twòp bann 
Konn pi gwo pwoblèm
Pou Gason kou fanm
Wi se vre
Lè chita'w 
Gouye, gouye
Epi Dinepa ap fè rara
Dlo pa vle vini
Ou bouke 
Kou wè neg k'ap pot de chay
Jou mache Dekouze...

Lè bwa vèt refize limen
Tout sa'w ka fè se nève
Boude w'a boude
Lè'w vle manzè 
Viv jan'w vle a
Machwè'w ap fè zanpoud
Tankou pye nèg k'ap pot de chay
Jou mache Dekouze

Ou di'w vle
Ede'l mennen lavi'l
Nan bon prensip
Ou envante 
Pou'w sa koupe
"Silaz" yo ki pwan'w
Pou gadò baryè paradi
je'w nan dèyè li
Tou sa l'ap fè 
W'ap veye ki lòt moun
Ki zanmi'l, ki lòt 
moun Ki bwat sekrèl, ki lòt 
Moun ki ka madanm ou
Rele'w papa espirityèl
Gadò lapawòl, pòt pawòl lesyèl
Ki lòt moun ki wa nan kanton an
Apre ou...?

Pè'p la fouti
Paske'l pa konnen
Men jou'l konen laverite
Laverite ap kase chenn 
Li p'ap pè monte eskalye lavi
Pandan w'ap gade'l
Je'w nan dèyè li
Tout sa l'ap fè 
W'ap veye...
Paske fò'w pale...
Men l'ap konprann
Ke'l pa oblije mete kanson
Pran pòz Gason 
pou'w pa koupe'l
L'AP rete fanm
Ak bèl tijip s'il deside
monte, desann
macheskalye lavi
Je'w nan dèyè'l
Men'w nan fouk ou
Menm Kilòt li w'pap wè....

www.facebook.com/pwelzi

vendredi 24 février 2017

Kafe a pen

Tas ou nan men'w
Ou kwaze pye'w
Ou pous'on gaz
Yon gaz gran nèg
Chanm ou santi kafe..

Ou souri wè bèl pitit fi'w
Ki ap grandi douvan'w
Li gen sèzan
Li byen pòtan
Li fè'w sonje boubout la
Tidousdous sou kote a
Ki gen menm laj ak li
Ak li'w toujou ye
Chak jou apre travay....

Tas ou nan men'w
Ou kwaze pye'w
Ou pous'on gaz
Yon gaz gran nèg
Chanm ou santi kafe
Tika pase nan lespri'w
W'ap imajine li,
Lakay li tèt anba
Li leve, tout kòl Kraze
Li rann on gaz
Yon gaz tebe
Pou'l pr'on pen a kafe
Chanm li son ti kafe...

www.facebook.com/pwelzi

jeudi 23 février 2017

Egzekite laGouyad la

Brase senti
Se aklame lavi
Se jwi ti moman sa
Se dakò ke w'ap viv...

Yon gouyad s'on vè gwòg...
De gouyad s'on ti plat
5 gouyad, yon 3 etwal
Ke'w ka pa pran poukò'w...

Reyalite pen bere
Se woma sou tab
Jou'w genyen'l se fèt ou fè
Reyalite al lekòl
Se yon Milyon labank
Jou'w genyen'l ou fou nèt

Eksperyans fè jefò
Pou'w jwenn plas ou isiba
Se yon "Viv pa lafwa
Nan yon peyi ate"
Kot'on gwoup moun tou zwit
Jwenn pwason tou bouyi
Nan benyen nan lanmè
Ep'on lòt Jwenn reken k'ap souri
Lè yo ap pran kanntè...

Yon gouyad s'on vè gwòg...
De gouyad s'on ti plat
5 gouyad, 3 etwal
Ke'w ka pa pran poukò'w...

Bann ki pi cho a
Se li gen plis pwoblèm...
Rele anmwey
Bèl tèt bounda
Bouboun gonfle
Nan tikanson...
Kòne, vaksin ap taye
Sou do tanbou lamizè
Y'ap koup'on mizik bòz
Nan non Lakilti

Lakilti.... Adje
Se preteks tout bagay
Fifi k'ap danse atè a
Pou bay plezi sou stann
Konte milyon dola
Pou klou ak 2 fèy tòl
Men Fifi san pwoblèm
Pandan demen pa klè
Depil jwenn bwa
L'AP gouye...

Reyalite pen bere
Se woma sou tab
Jou'w genyen li
Se fèt ou fè
Li mèt rasi : egzekite lagouyad la
Moun pap janm konn afè'w...

www.facebook.com/johancyhaiti

mercredi 22 février 2017

Koupe an kachèt

Gen de jan ou leve
Yon maten san manje
Ou wè midi pase
W'ap fon yon jèn fòse
chan desperans malere
G'on chante reziyasyon :
" Lavi a pa mande
pou'w vyole'l
Pa chire kilòt li
Ni pa Kouri rantre..."

Men lè gaz anpare
Jenn gason ak diplòm
Nan chomaj
Bib li gen yon sèl paj
Yon referans
Yon grenn vèsè
" se son lè vyolan
K'ap san nanpa..."

eksperyans granmoun
Fè mwen wè
Ke lavi son fanm
Ki p'ap ba'w bonbon
Si'w pa siyen siwo...
Nou tout pat fèt tou dous
Vin siwo mande brenn

Si al lekòl
pou'w gon metye
Pa toujou di
avni'w pare...
Gwo ponyèt
Pa vle di gaya
Gwo pawòl
Pa vle di sajès

Mwen menm
m'ap veye anwo
Wi m'ap veye anba...
M'pa ka kite yo wè'm...

Gen ti bagay w'ap fè lajounen
Dous kou'l dous
Se rete sere
Pa kite yo wè'w
Pou jis ou Voye....
Pou jis ou voye je gade
Si anwo anfò'm
Si anba pare...
Demen se fèt Josline
M'pa gen kòb pou'm fè kanbiz
M'ap koup'on moso twal
An kachèt... San'l pa wè
Pou'm f'on ti wòb pou li....

www.facebook.com/johancyhaiti

mardi 21 février 2017

Souse, pe, ni

Sonje manman'm
Te toujou di'm
Pa fè de bagay ala fwa
Si'w sou volan pa bwè
W'ap fè devwa pa jwe
W'ap swiv yon kou pa pale...

Pale son maladi
Gason pa sipòte
Sitou lè'n byen chofe
Pou n'ale fè lanmou...
Lè'w fin chante te Deum
Nan mitan "sein" tete
Ou bande byen bande
"Option plus" aktive...
Ou rale telefòn ou
Pou w'al fè ti pale
Se lè sa pou Bae di'w :
"Vous avez accédé"

Lè konsa m'ret poze
1 a zero a kale
M'ap jere match retou
M'konn Jan pou'm pran Bae..

Lè'l vin wè'm
M'pa dispo
M'sou travay,
Mwen nan pyano
Bae ap gade'm
Bae aroyo...
Sanble lanfè
Nan fant janm li...

Apre pyano, m'al fon lekti
M'kite bae ki byen sezi...
Bae santi bon
Ti ròb li bèl
Dyòl li ponmen
Ti men'l fwajil...

Men mwen konn bae
M'konn bae trè byen
Talè l'se moun
Kou'm komanse
L'AP pran pale
Fè'm la moral
Pou sa'm te fè
ane pase...

Woooooy... Men zen
Bae vin chita tou prè'm
M'santi souf li
Nan bò kou mwen
Epi l'ap di'm ti mo...
Chak ti mo sonnen konsè
Yon konkennchenn alsiyis...
M'ap goumen ak tèt mwen
Pou'm pa pete kanson'm...

Aaa... M'fout kwaze Pye'm
Pou bae pa wè jan'm di
M'depoze liv la
M'rale "de fèy" Kaye
M'pran yon krayon dous
Pou'm ekri yon PWÈLZI :

"Jouk ti krèm nan fini nèt
Souse, pe, ni
pa plenyen
Jouk tout fin pase nèt
Nan ti tou sachè an..
Souse, pe, ni
pa kanpe...."

www.facebook.com/johancyhaiti


lundi 13 février 2017

Plimen, plimen ou

Ti poul saj, tizanmi
Pa pale, pa fè bri
Pa ri fò, pa souri
Se plimen y'ap plimen'w...

Men Jan pou'w abiye
Men ak moun pou'w rete
Men ki lang pou'w pale
Tipoul saj....
Tizanmi....
Pa pale...
pa fè bri...
Se plimen y'ap plimen'w

Lè la sosyete ap ba'w bwa
Se li ki chèf,
Mèt e seyè
Lè la sosyete ap koupe'w
Se plenn nan kè
Se tèt bese...

Yo fè'w kanpe,
Yo fè'w kouche
Fè'w apiye
Fè ti panche...

Sa ou panse pa enpòtan
Sa'w santi pa konsène yo
Sa'w ta vle di p'ap janm fè sans
Paske lojik yo nan kòk yo
Epi moral la gon refren :
" Tipoul saj....
Tizanmi....
Pa pale...
pa fè bri...
Se plimen y'ap plimen'w"

Lè lespri'w fri
Nan bèl chodyè
Ou p'ap janm wè
L'gen gou mamit
Se lè'w pran kou
W'ap wè fòs ou
Ou klou beton
Yo di'w gagit...

Li lè pou'w leve je
Gade la sosyete
Li pou'w fè li dwèt
E montre'l ke'w pare
Pou pran kontròl lavi'w
E fè'l jan lide'w di'w

Men si sa ta rive w'santi...

Ke'w poko pare
Pou di la sosyete
Sispann...Sispann koupe'w
Lè w'ap dakò'l plimen'w
Jan'l vle... jan'l de si de
Omwen zanmi...
met'on kapòt

Mete yon kapòt...
Flanke yon kondòm
Sou bwa la sosyete
Yon kapòt pou pwoteksyon
Menm lè'l pa san pou san
Men pa kite'l fèlch kann
Mete yon kapòt
Sou bwa la sosyete
Pou'w pa bwè yon jèm konfòmis
K'ap fè'w dodo meya ak pwomès
pou'w ta gout'on tikal
Nan bonè isiba...

Ti poul saj, tizanmi
Pa pale, pa fè bri
Pa ri fò, pa souri

Si Daso te youn moun
Yo t'ap kouronen'l wa
Pa li fòs ak pouvwa
Tout moun vle pran daso
Pou fè tikout plimen'w
Enpoze'w sa yo pito
Epi pran pòz renmen'w

Plimen ak sosyete a te dous
Nou tout te pase ladann
Bel ti rad, cheve fèt
Ti pawòl dyòl pwentu
Zuzu kol'ak krache
Mete vès gwo midi
Pou fè swè ak pousyè
bat mòtye sou fontenn
Nèg konplekse, nèg a pye

Sispann kite la sosyete koupe'w
Ak pawòl ladoudous
Pou danse ti mouton
Paske volay ki pi kapon an
Se li ki kwit avan
Nan chodyè granzouzoun

Adje zanmi'm tan yo pa dous
Si'w pr'on vye gwòs
M'di'w se ou k'ap wè'l
Yon gwòs-moral-malatchonn
ki pa'p pitit rèv ou
Yon gwòs-lespri-restavèk-moun
Ka yon prizon avi
Paske nan plede koupe ak yo
Apre gouyad
Vant ka lou
Pandan mèt-moral yo
Ap chanje....
y'ap chanje wi
Epi ane ap pase
Chak fwa yo wè' w
Y'ap griyen dan
Gwòg la nan men dwat
Liv la nan men gòch
Kèk ap ri, kèk ap chante :

"Tipoul saj....
Tizanmi....
Pa pale...
pa fè bri...
Pa fè bri....
Se plimen
nou t'ap plimen'w...."

www.facebook.com/pwelzi

dimanche 25 décembre 2016

Nou ap pran zo...

Nou Renmen vyann
Yo blije pran zo...
Nou Moulen vyann...
Yo blije souse zo...

Gason san bann
Se gaspiyè d'chanpou
Se machin pou bèl po
Yo se balèn limen sou dokay
Nenpòt ti van : bèk atè
Gason san bann
Tant yo paladò
Yo k'pou ri pifò
Nan bay lodyans
Yo k'gen pi gwo gagann
Nan fè vue blag sou fanm...

Nou Renmen vyann
Yo blije pran zo
Nou Moulen vyann...
Nou blije yo souse zo...

Gason san bann
Se manyòk anmè
S'on pay defè fini
Nan fon chodyè lavi
Okenn kras pap soti
Ale vini y'ap fè
Pou yo kimen rapid
Jete degouden dlo
Wi, senkant kòb dlo pwès
Pou met chodyè sou do
Gaspiye lajenès
Mete granmoun nan cho
Ak de minit gouyad....

Nou Renmen vyann
Yo oblije pran zo
Nou Moulen vyann...
Nou blije yo souse zo...

Nou blije yo souse zo lavi a
Yo bourike toutan
Nou menm n'ap paroze
Gonfle lestomak nou
Frape tab pou diri
Plenyen, joure pou ji
Men kou lanwit rive
Nou menm tann dizè
Ale wè pou minwi
Toujou prese, fini rapid
Se toujou nan kouri
Ti kadè nou mouri
Depi nou fin vini
Ki mele nou ak fi....

Frè pa mwen...
Zanmitay an'm
kamarad lobedyans mwen
selman toujou sonje :
Fanm aloufa
se katastròf
Se vye siklòn
Pou nèg san bann
Fanm aloufa
Son gwòg ak dlo
S'on gonfleman
Pou nèg san bann
L'ap balonnen'w
Jouk lanjelis
L'ap pète fyèl ou
San'l pa fè bri lè se
Tande w'ap tande
Lwanj k'ap fèt pou tipyè
Jinyò, Robèr ak tifrè
Pou jan neg yo pran tan
Nan plante bon jan kann
Nan tout tè sèk
nan tout jaden...

Nou Renmen vyann
Yo oblije fanm yo pran zo
Nou Moulen vyann...
Nou blije souse zo...
Nou fè yo ba nou vyann
Nou fè yo souse  zo
Nou rapid, Nou pa pran tan...
Eben se Chak jou frem....
Chak jou n'ap pran ZOKLO...

mercredi 21 décembre 2016

Koko w te fèk la

Tou Santi bon,
bon jan sant fanm
Byen fre, byen djanm
Koko w'te fèk la cheri

Tou banda...
Tou dous...
Ti Koko pa'm
Msonje m'ap manyen'w
Fè tibo pou ou
pandan m'ap Gade'w,
Fè ti bo pou ou
E m'ap karese'w....

Ahh te gen plezi wi
Satiyèt ou, fè ou ri
Jouk dlo koule
Jwe avè 'w, ba'w plezi
Jiskaske'm swe
Ti boki sensib
Ti basen lavi
Koko w'te fèk la

Men kounyea m'bezwen'w
men'w pa ret sou mwen
Koko m'ap chache'w
Ou fè kou'w pa konnen'm
Men Koko w'te fèk la...

Nan mache chache
Pou'm pa ret san soupe
M'al sote Koko...
Mezanmi anmwey :
Gade san sou koko
Wouy.... Kè'm plen
Pèdi gou, m'pèdi fou
Wouyyy kou a fè mwen mal
Gade Jan neg sasinen Korali
Yon jenn fanm plen lavi
Byen kanpe
Tou Santi bon,
bon jan sant fanm
Fanm tèt, fanm drèt
Byen fre, byen djanm
Koko w'te fèk la cheri....