Nombre total de pages vues

mercredi 8 mars 2017

Remontada

Gen de kote'w soti
Lombraj ou soti anvan'w
Gen de kraponnay ou pwan
Kè'w al kanpe nan kafou a
Ap tann ki lè bonanj ap pase
Epi pou kò a vinn aprè....

Pi "ba se lòn"
Twal ki ka mare machwè'm

Menaj mwen rete
Anba nan pye mòn nan
Mwen rete piwo
Souvan'm desann al wè'l
Fè ti dòmi
Lè manman'l fè denwit
Bourike lopital
Mwen dòmi nan kay
Menaj mwen pa gen papa
Li rele'm papi pou doudous

Bò lakay
Lanwit pa kite moun soti
Zam marye ak lalin
Zetwal file tonbe sou moun
Demen maten dra blan fè seramik
Jip pase twal mouye
Nan je manman jenn gason

Lòt jou...
li te minwi
Nan mitan de yayad
Manmi sot lopital
Machin nan mennen li
Frape nan pòt
Renm manke bloke
Cheri a sote sou pye'l
Kanbann nan gon resò
M'sezi... M'sote....
Gen de kraponnay ou pwan
Kè'w al kanpe nan kafou a
Ap tann ki lè bonanj ap pase
Epi pou kò a vinn aprè....

Bò lakay
Lanwit pa kite moun soti
Zam marye ak lalin
Zetwal file tonbe sou moun
Demen maten dra blan fè seramik
Jip pase twal mouye
Nan je manman jenn gason

Veye anwo...
Veye anba...
Mwen vire rad mwen lanvè
Pou'm pa pran kout lè
Manmanm te byen benyen'm
Men nèg isi gen lontan
Yo pa nan koze wanga
Se ti manch lan...
Pye kochon an...
Se Bon an...
M'pa gen pwotèj pa bal

Pi "ba se lòn"
Twal ki ka mare machwè'm

Desann fasil
Lè'w pwal fè lanmou
Menaj mwen rete anba
Anba synfoni bal
Vyolon atoufè
Mwen mare kè'm
M'sere dan'm

Si'm kite manmi wè'm
Si'm kite bandi bwè'm
Pi " ba se lòn "
Twal ki ka mare machwè'm
M'gade tèt mòn nan
M'rezyen'm...
M'fon REMONTADA

www.facebook.com/pwelzi

Aucun commentaire:

Publier un commentaire