Nombre total de pages vues

Aucun message portant le libellé pwezi. Afficher tous les messages
Aucun message portant le libellé pwezi. Afficher tous les messages

dimanche 18 juin 2017

BON FET PAPA

Bòn fèt papa
Se yon reyalite
Anpil moun pap konprann
Bòn fèt papa
Pa gen kado
Pou sa li vo

Bòn fèt papa
Se yon reyalite
Anpil moun pap konprann
Bòn fèt papa
Sèl sa'm ka di
Avan'l twò ta

Bòn lève tout 4 frè li yo
Nan fè travay  lòt moun pap fè
Genyen ki gwo doktè, gwo injenyè
Bèl pent, gran mizisyen
2 Potoprens, youn lòt bò dlo
Pent lan Jacmel
Yo desann wè bòn souvan
Men yo tout konnen sa li vo

Bòn fèt papa
Manman'l mouri bonè
Ti frè yo tout piti
Yo youn pat gen papa...

Bòn konn lavi bonè
Li mete kanson nan tay li
Aprè yon grenn piti
Bòn bouche tay li
Nanpwen kreyon ki pwal fè pwent
Pou vinn make mi lakay li
Nan pwen kreyon ki pwal fè pwent
Pou kite yon chay, de chay
Twa chay pou Bòn pote
Bòn pa taye kreyon ankò
Li sèmante tout pwent fini
Li pran gòm travay pou'l efase
Chak mak karès
Chak tras alsiyis
Sou ti kabann pitit gason li
Manman'l mouri bonè
Ti frè yo tout piti
Yo youn pat gen papa...
Sa se reyalite
Tout lari ap pale
Bòn se yon fanm ki Djam
Bòn Fèt epi'l tou nan lavi
Bòn fèt... Papa....

jeudi 15 juin 2017

Koulèv ak fèy lang...

Mennen koulèv la
al wè fèy lang
Se youn
Fè li rantre ladann
Se de...

Bel rad paweze
Machin ak soulye
Pakin sou do lanperè
Bò jaden bannann
Lakilti ap brase
Bèl randevou
Gwo randevou

Talon kikit
Talon bwa
Vire tounen
Mwen mwen
Filèt tap kase
Sèlfi pèdi lavi'l
Sèl, fi, pè di lavi pa fini
Depi nou pran solèy la, 
Chalè a, rad yo,
Sachè yo, Tab yo ak rabè ya
Mete ansanm pou devlope peyi
Wouy M'bliye moun yo...

Moun yo anba MACHIN
Lavi chè, lamizè BLO yo
Y'ap gouye, ya'p chante RÒK solid
O ròk solid la, se la yo vle kanpe
Men adje moun yo pa ka la
Lakou a pa pou yo
Eskpoze konesans
Pa vle di li pou ou
M'vann ou liv,
ki mele'm ou pa li'l
M'vann ou blan po nwa
M'vann ou nwa Po blan
Konesans tout plimay
Pentire mizè'w ak koulè lespwa
Ki mele'm ou pa li'l

Rantre andidan
Manje nannan'l
Pou Chak ti mak nwa
Pote limyè...

Mennen koulèv al wè fèy lang
Se youn
Fè li rantre adedan liv...
An...
Foli'w gen...

dimanche 11 juin 2017

Grenn nan angrenay ou

Ou bèl,
Ou sou do
Ciel ble a sou tèt nou, m'ap swe
kòm si'm t'ap fon bagay serye
Ou pa di way...
Moun p'ap tande men'm bri souf ou
Mwen m'ap pleyen
Adje gade jan fè Bagay sa di...

Mete grenn
Ou pa may
w'ap pran grenn
Ou pa di Way
Ayayay agrenay ou bon

Se pa jodi w'ap banm sèvis
Ane ap pase
Ou rete bèl
Ou rete djanm

Depi'm maten
M'fèmen telefòn
M'pa sou fesbouk
Touidè ak enstagram
Mwen gon sèl lokipasyon
Vire'w, tounen'w
Mete grenn nan agrenay ou...
M'ap swe, ou pa may
M'ap plenyen, ou pa di way
Grenn pa tròp  pou ou
W'ap banm plezi san'w pa fè bri

Akasan pwal pèdi lavi'l
Moulen, m'ap moulen mayi

DarlinJohancy

vendredi 24 mars 2017

Jouk bouboun bave

Jouk Bouboun bave
Lang mwen
Seche'l
Kilòt va monte bwa
Pou solèy seche
Dlo ki sal li

Limyè je'w an je'm
M'avèg
Janm ou louvri
Mwen wè
Jan ou kouvri'm
Ak pye'w ki pase nan kou'm..
M'pa manje vyann
Mwen souse fèy...
Fè'm sezi douvanjou
Rete sou tè toujou
M'pa manje vyann
Mwen souse fèy jouk
Bouboun bave

Pwèl se fil a koud
Zegwi mwen kanpe
Twal la nan nannan'w
Kouti ta dwe komanse
Men m'pa anvi manje vyann
M'pito souse fèy
Jouk bouboun bave

Jouk Bouboun bave
Pou Lang mwen
Seche'l
Kilòt monte va bwa
Pou solèy seche
Dlo ki sal li

www.facebook.com/pwelzi

mercredi 22 mars 2017

Mwen Yves Imilite kouvri'm

Lòt jou bae
Sote sou telefòn mwen
San kòd
Kè'm bat fò
Mwen tou'm sote
San kòd

Tankou lekti
Nan pawas ledimanch
Bae leve vwa'l
Pou'l li lekriti
Sabrina 3 vèsè 5
Sabrina 3 mesaj  Vé lè 5 kè
Majori  2 vèsè 6
Tania 4 vèsè 8
Debora 8 vèsè 8...

Bea pa kontan
Li sote kèk vèsè
Kite logòs li pran rema
Li rantre fon nan chak vèsè
Li kite pwèl li pran nannan
Li rantre nan fon
Nan mesaj yo....

Mwen silans
Li pwal 11zè
Se lè pou'n al dòmi
San rad,
San slip,
Ak fòs men
san soutyen
Bae fin kalme...
Epi mwen kòmanse

M'kòmanse
Souse ti tete'l
File lang nan zorèy
Jwe nan ti lonbrik li
Bae souri bay nèg l'I
Bae swente, li pale
Nan mitan de soupi
Li di'm cheri mete'l
Mete'l souple papi...

Mwen abiye zouti
Tout andedan'm ap souri
Lanwit la pwal long
Bae ap jwenn pou kòb li

Biiiiip... Biiiiip...
Telefòn mwen zone
Bae desann syèl pa syèl
Pou'l li yon bel pasaj
Natacha 6 vèsè 11....
Legliz la relouvri
Bae gade'm epi'l di :

<< Gason se fritay dòmi
Ou son move "atik Yves"
"Pale mantè"...
Ou gen lalwa dyòl ou
"L'Ère est finie"
Tibwa nan Gwo vid...>>

Mwen gade Cheri a
Mwen souke tèt mwen
Tire kou pa pou mwen
"Imilite" kouvri'm"...

DarlinJohancy

mardi 21 mars 2017

Pri gouyad

Se sèl nan mache koupe
pou'w konn enpòtans  gouyad.
Se sèl nan mache Koupe
pou'w konn pri gouyad.

Gouyad se sèl pwodui
ki gen menm valè
sou tout mache.
Benefis bon koupe,
se sa tout machann
ap chache.

Li respekte prensip
gason ak fanm egal ego.
Sa koz w ka tande
plenyen bò kot nenpòt nan yo.

Konbyen lajan pouw genyen
pouw achte gouye?
Li pa gen pri,
men li tèlman koute chè,
hmmmm!!!

Wap santiw vekse nan koupe
si patnè a pa gouye.
Wap vire, tounen kò w
tankou moun ki pran
nan pwa grate.

Wap sote, ponpe
e menm joure.
Paske depi koupe
pa gen gouye
se tankou kòve.
Se sak fè tap
Ak pichkennen
konn tankou plezi...

Eksperyans koupe san gouye.
Se vwayaj pyeton san dlo nan Dezè
Kap boukannen nan Solèy 2zè.
Gouyad se sinonim
dous bon alsiyis.
Estimilan natirèl bon koupe.

Se sèl nan mache koupe
pouw konn pri gouyad.
Gouyad pa gen pri,
men li tèlman koute chè,
hmmm!!!

Li konn koute
yon relasyon kraze.
Yon patnè pou l dous
Ka al nan enfidelite.
Konbyen lajan
Pou'w genyen
pou'w achte gouye?

Gouyad pa gen pri,
men li tèlman koute chè, hmmmm!!!
Se sèl pwodui
sou mache a
pèsonn pa ta swete gen rate.
Ni fanm ni gason,
nan mache koupe
pa dwe bay kou rate.

                   Job'Arts, Powèt, Eslamè, Komedyen, Pwomotè Kiltirèl ak Anseyan Edikasyon Sivik.
                   3129-0135

Pwèlzi se yon Pwezi lib ki fèt an Kreyòl e ki Chante Seksyalite !!!
Kontak: darlinjohancy@gmail.com  ak 3843-2310
Vin fè Pwèlzi ak nou*!!!

lundi 20 mars 2017

Bwa long

Chak lè m rele l li pa reponn.
Se tankou yon kout kouto li banm.
Kout kouto asasen ap bay inosan.
Ki mouri san bay yon gout san.

Gen yon ti Fanm sou Katye a, li banm yon gwo bwa long kenbe.
M panse se ka yon pwob m gen avèl.
Epi yon jou m deside
fè yon ti pwoche l.
M pa kache diw,
Ti Fanm nan tonbe kase
Kase met nan menm...

Tout pwob li gen avèm,
se poutèt yon fwa li te wèm ap pise.
Epi li santil endinye
Paske m pa gen yon bwa long...
Kidonk yon bwa ki ka plen tou l
Yon bwa tout bon
yon bwa li te swete pran.

Fanm isit gen pwob
ak Nèg ki pa gen bwa long..
Nèg ti bwa kap rantre floup flap.
Ki pa ka fè anyen pou gran ravin.
Lè lapli alsiyis gouyad deside vini.

Li enpòtan pou Nèg ti bwa
pa afwonte gran ravin.
Gran ravin ap bouke
Kase met nan menw ak jouman...
Depi Nèg isit pa degaje l
poul gen bwa long
Fanm isit tou pap neglije pou baw kenbe yon bwa long...

     *Job'Arts*,
Poète, Slameur, Comédien, Promoteur Culturel et enseignant.
                      *3129-0135*

samedi 18 mars 2017

TiPiman

Je m gade w, senti m kaba
Lawouze anba pye mòn nan
Tounen larivyè pou sous anba
Pa mande m pouki, pawòl pikan
Lesyèl sèlman ki konnen
Pou lavi m ou se nanm.

Do kay lan sansib
Militon gen kè
Ou tonbe gade m, m tounen yon sib
Men nan ou m se yon tatou
Menm la tè pa imajine defè

M leve, m kanpe
M swe, m tèlman pyafe
Lè kò m anvi bouke
Sansasyon w ban m fè m ret kanpe
Djanm, dan bann...

Sansasyon monte chalè an mechan
Maladi m ou se te, plezi m ou se kann
Yon ti monte desann
Ou rive fè m fanm

Dlo nan mwen fè w pale koze
Dlo nan ou fè m konn sous lavi
Ti zwazo ka konn chante
Men lanmou sa gen pi bèl vwa
Jouk solèy kouche li pap janm fini.

M mande soule
M sou lè w
Kenbe byen soude
Epi w ban m chans pou m resouse m
S'ou se sous lanmou
M se krich w ap plen rabouch la
Plen l jouk ou benyen tout kò l

W ap imajine nan ki kalte tè
Pou kanasik plante pou ka sikre kè
Pa mande kriye pou sa l rive fè
Jis pran tan w bay, e konsyans ou ap klè

Ti piman pike
Men li pote chalè
Yon ti vire won, yon ale sou kote
E senti w tounen yon ti bonm malè

PLIMPOUL DW
(anonim)

(Ou vle pibliye tèks ou sou PWELZI?
1) fòk teks la an kreyòl
2) fòk trete seksyalite

voye teks la ak non'w, nimero telefòn ou, ak yon foto (si'w vle) : darlinjohancy@gmail.com

vendredi 17 mars 2017

Pwèl moun fou pou ou

Ap Gen Sipriz wi...
Yon jou n'a wè
Pwèl ap monte tab...

Lè asyèt fayans
Fè timiyèt moso
Pou niche tèt grenn wòch
Pwèl ap monte tab

Chalè lamizè a
Kwit trip
Chalè.... kòk
Benyen nan dlo kokoye

Zannanna pa sirèt
Lè vant vle pen
Pa bal pawòl
Pa fèl pwomès
Ni pa Koupe'l...

Non pa koupe'l
Nan lapriyè'l
Fwa sa se lafwa sèl
Li rete...

Fwa sa fè twa fwa sèl
Fè nich anban lang li
Dlo sikre nan lespri'l
Se yon rèv...

Pwèl...
Pwèl...
moun fou
Pou pen a ze

Pwèl...
Pwèl....
swente
Lwil va koule...
Pwèl moun fou pou ou

Li  atik loopHaiti a sou PWELZI

http://www.loophaiti.com/content/darlin-johancy-michel-met-la-technologie-au-service-de-sa-poésie

mercredi 8 mars 2017

Remontada

Gen de kote'w soti
Lombraj ou soti anvan'w
Gen de kraponnay ou pwan
Kè'w al kanpe nan kafou a
Ap tann ki lè bonanj ap pase
Epi pou kò a vinn aprè....

Pi "ba se lòn"
Twal ki ka mare machwè'm

Menaj mwen rete
Anba nan pye mòn nan
Mwen rete piwo
Souvan'm desann al wè'l
Fè ti dòmi
Lè manman'l fè denwit
Bourike lopital
Mwen dòmi nan kay
Menaj mwen pa gen papa
Li rele'm papi pou doudous

Bò lakay
Lanwit pa kite moun soti
Zam marye ak lalin
Zetwal file tonbe sou moun
Demen maten dra blan fè seramik
Jip pase twal mouye
Nan je manman jenn gason

Lòt jou...
li te minwi
Nan mitan de yayad
Manmi sot lopital
Machin nan mennen li
Frape nan pòt
Renm manke bloke
Cheri a sote sou pye'l
Kanbann nan gon resò
M'sezi... M'sote....
Gen de kraponnay ou pwan
Kè'w al kanpe nan kafou a
Ap tann ki lè bonanj ap pase
Epi pou kò a vinn aprè....

Bò lakay
Lanwit pa kite moun soti
Zam marye ak lalin
Zetwal file tonbe sou moun
Demen maten dra blan fè seramik
Jip pase twal mouye
Nan je manman jenn gason

Veye anwo...
Veye anba...
Mwen vire rad mwen lanvè
Pou'm pa pran kout lè
Manmanm te byen benyen'm
Men nèg isi gen lontan
Yo pa nan koze wanga
Se ti manch lan...
Pye kochon an...
Se Bon an...
M'pa gen pwotèj pa bal

Pi "ba se lòn"
Twal ki ka mare machwè'm

Desann fasil
Lè'w pwal fè lanmou
Menaj mwen rete anba
Anba synfoni bal
Vyolon atoufè
Mwen mare kè'm
M'sere dan'm

Si'm kite manmi wè'm
Si'm kite bandi bwè'm
Pi " ba se lòn "
Twal ki ka mare machwè'm
M'gade tèt mòn nan
M'rezyen'm...
M'fon REMONTADA

www.facebook.com/pwelzi

8 mas-karad

Grismas lèd
Lè se ou k'ap gade'l
Maskarad la bèl
Se Lè se ou k'ap fè'l...

Yè Gwo ponyèt
Kite mak
Sou po dèyè Mariz
Men jodia se fèt
Mariz makiye
Kout poud pentire
Kote san t'ap koule
Jodia se fèt
Fòk yo bay mariz flè...

Yè CV janèt nan men'l
Yo mande'l vin nan entèvyou
E Pa jodia non
8 mas biwo a ap fete...
Entèvyou an pou demen
Yo mande'l pou'l vini San kilòt...

8 mas se kanaval
Anpil nèg sou kou
vide sik
Sou kaka bèf
plimen Diyite fanm
Ak kòk selebrasyon
Konsè elatriye
Si menm blag ou
Pa gen sans
Si'w pa malmennen
Yon fanm ladann
Pa gen fèt ki posib

Yè'w Rantre, ou soti
Ou krache sou li
Jodi ou mete kòl
Men dèyè do
Bouke flè nan men'w

Si'w plede pase dife
Nan pwèl li
Yon jou bouboun ap rele
Fanm ki gen fanm nan kilòt li
Jou'l deside
L'ap fè'w boure flè a
Mal kabrit... figi moun...
8 mas ou nan figi'w

www.facebook.com/pwelzi

vendredi 3 mars 2017

Menm Kilòt li

Je'w nan dèyè li
Tou sa l'ap fè 
W'ap veye...
Fò'w pale...

Ou di'w vle
Ede'l mennen lavi'l
Nan bon prensip
Ou envante 
Pou'w sa koupe
"Silaz" yo ki pwan'w
Pou gadò baryè paradi
je'w nan dèyè li
Tou sa l'ap fè 
W'ap veye...

Mouche, fòk sa sispann
Se swa'w preche...
Sa'w koupe...
Men mwen konprann
Pwoblèm ou
Mwen tou m'renmen koupe
Men m'dakò pa preche...

Fòk ou santi
Ke blende koupe ak preche
Bay yon  gode Bann pwoblèm
Ki pa fouti rezoud 
pwoblèm bann ou...

Twòp bann 
Konn pi gwo pwoblèm
Pou Gason kou fanm
Wi se vre
Lè chita'w 
Gouye, gouye
Epi Dinepa ap fè rara
Dlo pa vle vini
Ou bouke 
Kou wè neg k'ap pot de chay
Jou mache Dekouze...

Lè bwa vèt refize limen
Tout sa'w ka fè se nève
Boude w'a boude
Lè'w vle manzè 
Viv jan'w vle a
Machwè'w ap fè zanpoud
Tankou pye nèg k'ap pot de chay
Jou mache Dekouze

Ou di'w vle
Ede'l mennen lavi'l
Nan bon prensip
Ou envante 
Pou'w sa koupe
"Silaz" yo ki pwan'w
Pou gadò baryè paradi
je'w nan dèyè li
Tou sa l'ap fè 
W'ap veye ki lòt moun
Ki zanmi'l, ki lòt 
moun Ki bwat sekrèl, ki lòt 
Moun ki ka madanm ou
Rele'w papa espirityèl
Gadò lapawòl, pòt pawòl lesyèl
Ki lòt moun ki wa nan kanton an
Apre ou...?

Pè'p la fouti
Paske'l pa konnen
Men jou'l konen laverite
Laverite ap kase chenn 
Li p'ap pè monte eskalye lavi
Pandan w'ap gade'l
Je'w nan dèyè li
Tout sa l'ap fè 
W'ap veye...
Paske fò'w pale...
Men l'ap konprann
Ke'l pa oblije mete kanson
Pran pòz Gason 
pou'w pa koupe'l
L'AP rete fanm
Ak bèl tijip s'il deside
monte, desann
macheskalye lavi
Je'w nan dèyè'l
Men'w nan fouk ou
Menm Kilòt li w'pap wè....

www.facebook.com/pwelzi

vendredi 24 février 2017

Kafe a pen

Tas ou nan men'w
Ou kwaze pye'w
Ou pous'on gaz
Yon gaz gran nèg
Chanm ou santi kafe..

Ou souri wè bèl pitit fi'w
Ki ap grandi douvan'w
Li gen sèzan
Li byen pòtan
Li fè'w sonje boubout la
Tidousdous sou kote a
Ki gen menm laj ak li
Ak li'w toujou ye
Chak jou apre travay....

Tas ou nan men'w
Ou kwaze pye'w
Ou pous'on gaz
Yon gaz gran nèg
Chanm ou santi kafe
Tika pase nan lespri'w
W'ap imajine li,
Lakay li tèt anba
Li leve, tout kòl Kraze
Li rann on gaz
Yon gaz tebe
Pou'l pr'on pen a kafe
Chanm li son ti kafe...

www.facebook.com/pwelzi

jeudi 23 février 2017

Egzekite laGouyad la

Brase senti
Se aklame lavi
Se jwi ti moman sa
Se dakò ke w'ap viv...

Yon gouyad s'on vè gwòg...
De gouyad s'on ti plat
5 gouyad, yon 3 etwal
Ke'w ka pa pran poukò'w...

Reyalite pen bere
Se woma sou tab
Jou'w genyen'l se fèt ou fè
Reyalite al lekòl
Se yon Milyon labank
Jou'w genyen'l ou fou nèt

Eksperyans fè jefò
Pou'w jwenn plas ou isiba
Se yon "Viv pa lafwa
Nan yon peyi ate"
Kot'on gwoup moun tou zwit
Jwenn pwason tou bouyi
Nan benyen nan lanmè
Ep'on lòt Jwenn reken k'ap souri
Lè yo ap pran kanntè...

Yon gouyad s'on vè gwòg...
De gouyad s'on ti plat
5 gouyad, 3 etwal
Ke'w ka pa pran poukò'w...

Bann ki pi cho a
Se li gen plis pwoblèm...
Rele anmwey
Bèl tèt bounda
Bouboun gonfle
Nan tikanson...
Kòne, vaksin ap taye
Sou do tanbou lamizè
Y'ap koup'on mizik bòz
Nan non Lakilti

Lakilti.... Adje
Se preteks tout bagay
Fifi k'ap danse atè a
Pou bay plezi sou stann
Konte milyon dola
Pou klou ak 2 fèy tòl
Men Fifi san pwoblèm
Pandan demen pa klè
Depil jwenn bwa
L'AP gouye...

Reyalite pen bere
Se woma sou tab
Jou'w genyen li
Se fèt ou fè
Li mèt rasi : egzekite lagouyad la
Moun pap janm konn afè'w...

www.facebook.com/johancyhaiti

mercredi 22 février 2017

Koupe an kachèt

Gen de jan ou leve
Yon maten san manje
Ou wè midi pase
W'ap fon yon jèn fòse
chan desperans malere
G'on chante reziyasyon :
" Lavi a pa mande
pou'w vyole'l
Pa chire kilòt li
Ni pa Kouri rantre..."

Men lè gaz anpare
Jenn gason ak diplòm
Nan chomaj
Bib li gen yon sèl paj
Yon referans
Yon grenn vèsè
" se son lè vyolan
K'ap san nanpa..."

eksperyans granmoun
Fè mwen wè
Ke lavi son fanm
Ki p'ap ba'w bonbon
Si'w pa siyen siwo...
Nou tout pat fèt tou dous
Vin siwo mande brenn

Si al lekòl
pou'w gon metye
Pa toujou di
avni'w pare...
Gwo ponyèt
Pa vle di gaya
Gwo pawòl
Pa vle di sajès

Mwen menm
m'ap veye anwo
Wi m'ap veye anba...
M'pa ka kite yo wè'm...

Gen ti bagay w'ap fè lajounen
Dous kou'l dous
Se rete sere
Pa kite yo wè'w
Pou jis ou Voye....
Pou jis ou voye je gade
Si anwo anfò'm
Si anba pare...
Demen se fèt Josline
M'pa gen kòb pou'm fè kanbiz
M'ap koup'on moso twal
An kachèt... San'l pa wè
Pou'm f'on ti wòb pou li....

www.facebook.com/johancyhaiti

mardi 21 février 2017

Souse, pe, ni

Sonje manman'm
Te toujou di'm
Pa fè de bagay ala fwa
Si'w sou volan pa bwè
W'ap fè devwa pa jwe
W'ap swiv yon kou pa pale...

Pale son maladi
Gason pa sipòte
Sitou lè'n byen chofe
Pou n'ale fè lanmou...
Lè'w fin chante te Deum
Nan mitan "sein" tete
Ou bande byen bande
"Option plus" aktive...
Ou rale telefòn ou
Pou w'al fè ti pale
Se lè sa pou Bae di'w :
"Vous avez accédé"

Lè konsa m'ret poze
1 a zero a kale
M'ap jere match retou
M'konn Jan pou'm pran Bae..

Lè'l vin wè'm
M'pa dispo
M'sou travay,
Mwen nan pyano
Bae ap gade'm
Bae aroyo...
Sanble lanfè
Nan fant janm li...

Apre pyano, m'al fon lekti
M'kite bae ki byen sezi...
Bae santi bon
Ti ròb li bèl
Dyòl li ponmen
Ti men'l fwajil...

Men mwen konn bae
M'konn bae trè byen
Talè l'se moun
Kou'm komanse
L'AP pran pale
Fè'm la moral
Pou sa'm te fè
ane pase...

Woooooy... Men zen
Bae vin chita tou prè'm
M'santi souf li
Nan bò kou mwen
Epi l'ap di'm ti mo...
Chak ti mo sonnen konsè
Yon konkennchenn alsiyis...
M'ap goumen ak tèt mwen
Pou'm pa pete kanson'm...

Aaa... M'fout kwaze Pye'm
Pou bae pa wè jan'm di
M'depoze liv la
M'rale "de fèy" Kaye
M'pran yon krayon dous
Pou'm ekri yon PWÈLZI :

"Jouk ti krèm nan fini nèt
Souse, pe, ni
pa plenyen
Jouk tout fin pase nèt
Nan ti tou sachè an..
Souse, pe, ni
pa kanpe...."

www.facebook.com/johancyhaiti


lundi 20 février 2017

Cheri kite mwen vini

"Cheri mwen ka vini?
Silvoupè, di mwen wi...
Ti Chouchou, ti papi..
Tanpri, tanpri di wi..."

Se mwen ki gason
Nou pa marye
men mwen mari
Mwen byen sevè
M'bay dan di
Pou bae ka wèm
Se mwen'k gason...

Se mwen'k gason
Mwen'k deside
Ki kote bae Pwale
Ki rad pou li mete
Bae pa restavèk mwen
Men fò bae respekte'm...

M'pa bay pèmisyon
Se pa lago w'ap fè...
Pa gen rekreyasyon
Nan okenn renmen'm fè...

Fèt legliz, fèt lekol
Bae pa pwal nan anyen
Rad san manch kale zepòl
Se gwo peche Pou mwen...

Bae gon Jan li gade'm
Pou'l di'm l'ap pranm kanmenm
Li gon Jan pou'l regle'm
Ak ti foto fesbouk
Pwofil, estati  watsap...
Li gon jan'l bèl,
Byen bèl depi 3 jou
Rele'm chak jou
Pale pawòl pwèl
Plim pa ka ekri
Anbaje tout timoun...

Li mete ti vwa'l fen
Dous...
Chak mo gon gou makòs
Konparèt jeremi
Kann anana bonbon siwo

Ayyyyyyayay
Kanson mwen balonnen
De pye'm enmi jire
Yo pa fouti montre
Vwa bae gon jan li ye
Lè li vle fè'm bande..

Monchè Mwen chanje vwa
M'di bae :
"Cheri mwen ka vini?
Silvoupè, di mwen wi...
Ti Chouchou, ti manmi
Tanpri, tanpri di wi..."

M'santi Bae ap souri
Li chanje vwa pou'l di'm :
"Se mwen ki fanm
Se Mwen'ka deside
Kilè'm vle nou kontre
Konbyen tan n'ap pase
Mwen pa restavèk ou
Cheri fò'w respekte'm..."

Anmwey Gason fouti
Grenn mwen rèd
Kon poto EDH
K'ap priye pou vye kamyon
Fè aksidan sou li...

Nève, pale...aaaaa
Bae pa kite'm sipliye'l
Li'm : " bb m'ale
Ou konnen fò'm etidye..."

Menm chita janm louvri
Pou lè kalme toutou
M'pran nan pa konprann
M'santi s'on kou pare
Paske nan voye je
M'gade, m'wè bae "online"
Pandan "toute la soirée"...

www.facebook.com/johancyhaiti

lundi 13 février 2017

Plimen, plimen ou

Ti poul saj, tizanmi
Pa pale, pa fè bri
Pa ri fò, pa souri
Se plimen y'ap plimen'w...

Men Jan pou'w abiye
Men ak moun pou'w rete
Men ki lang pou'w pale
Tipoul saj....
Tizanmi....
Pa pale...
pa fè bri...
Se plimen y'ap plimen'w

Lè la sosyete ap ba'w bwa
Se li ki chèf,
Mèt e seyè
Lè la sosyete ap koupe'w
Se plenn nan kè
Se tèt bese...

Yo fè'w kanpe,
Yo fè'w kouche
Fè'w apiye
Fè ti panche...

Sa ou panse pa enpòtan
Sa'w santi pa konsène yo
Sa'w ta vle di p'ap janm fè sans
Paske lojik yo nan kòk yo
Epi moral la gon refren :
" Tipoul saj....
Tizanmi....
Pa pale...
pa fè bri...
Se plimen y'ap plimen'w"

Lè lespri'w fri
Nan bèl chodyè
Ou p'ap janm wè
L'gen gou mamit
Se lè'w pran kou
W'ap wè fòs ou
Ou klou beton
Yo di'w gagit...

Li lè pou'w leve je
Gade la sosyete
Li pou'w fè li dwèt
E montre'l ke'w pare
Pou pran kontròl lavi'w
E fè'l jan lide'w di'w

Men si sa ta rive w'santi...

Ke'w poko pare
Pou di la sosyete
Sispann...Sispann koupe'w
Lè w'ap dakò'l plimen'w
Jan'l vle... jan'l de si de
Omwen zanmi...
met'on kapòt

Mete yon kapòt...
Flanke yon kondòm
Sou bwa la sosyete
Yon kapòt pou pwoteksyon
Menm lè'l pa san pou san
Men pa kite'l fèlch kann
Mete yon kapòt
Sou bwa la sosyete
Pou'w pa bwè yon jèm konfòmis
K'ap fè'w dodo meya ak pwomès
pou'w ta gout'on tikal
Nan bonè isiba...

Ti poul saj, tizanmi
Pa pale, pa fè bri
Pa ri fò, pa souri

Si Daso te youn moun
Yo t'ap kouronen'l wa
Pa li fòs ak pouvwa
Tout moun vle pran daso
Pou fè tikout plimen'w
Enpoze'w sa yo pito
Epi pran pòz renmen'w

Plimen ak sosyete a te dous
Nou tout te pase ladann
Bel ti rad, cheve fèt
Ti pawòl dyòl pwentu
Zuzu kol'ak krache
Mete vès gwo midi
Pou fè swè ak pousyè
bat mòtye sou fontenn
Nèg konplekse, nèg a pye

Sispann kite la sosyete koupe'w
Ak pawòl ladoudous
Pou danse ti mouton
Paske volay ki pi kapon an
Se li ki kwit avan
Nan chodyè granzouzoun

Adje zanmi'm tan yo pa dous
Si'w pr'on vye gwòs
M'di'w se ou k'ap wè'l
Yon gwòs-moral-malatchonn
ki pa'p pitit rèv ou
Yon gwòs-lespri-restavèk-moun
Ka yon prizon avi
Paske nan plede koupe ak yo
Apre gouyad
Vant ka lou
Pandan mèt-moral yo
Ap chanje....
y'ap chanje wi
Epi ane ap pase
Chak fwa yo wè' w
Y'ap griyen dan
Gwòg la nan men dwat
Liv la nan men gòch
Kèk ap ri, kèk ap chante :

"Tipoul saj....
Tizanmi....
Pa pale...
pa fè bri...
Pa fè bri....
Se plimen
nou t'ap plimen'w...."

www.facebook.com/pwelzi