Nombre total de pages vues

Aucun message portant le libellé haiti. Afficher tous les messages
Aucun message portant le libellé haiti. Afficher tous les messages

dimanche 11 juin 2017

Grenn nan angrenay ou

Ou bèl,
Ou sou do
Ciel ble a sou tèt nou, m'ap swe
kòm si'm t'ap fon bagay serye
Ou pa di way...
Moun p'ap tande men'm bri souf ou
Mwen m'ap pleyen
Adje gade jan fè Bagay sa di...

Mete grenn
Ou pa may
w'ap pran grenn
Ou pa di Way
Ayayay agrenay ou bon

Se pa jodi w'ap banm sèvis
Ane ap pase
Ou rete bèl
Ou rete djanm

Depi'm maten
M'fèmen telefòn
M'pa sou fesbouk
Touidè ak enstagram
Mwen gon sèl lokipasyon
Vire'w, tounen'w
Mete grenn nan agrenay ou...
M'ap swe, ou pa may
M'ap plenyen, ou pa di way
Grenn pa tròp  pou ou
W'ap banm plezi san'w pa fè bri

Akasan pwal pèdi lavi'l
Moulen, m'ap moulen mayi

DarlinJohancy

vendredi 24 février 2017

Kafe a pen

Tas ou nan men'w
Ou kwaze pye'w
Ou pous'on gaz
Yon gaz gran nèg
Chanm ou santi kafe..

Ou souri wè bèl pitit fi'w
Ki ap grandi douvan'w
Li gen sèzan
Li byen pòtan
Li fè'w sonje boubout la
Tidousdous sou kote a
Ki gen menm laj ak li
Ak li'w toujou ye
Chak jou apre travay....

Tas ou nan men'w
Ou kwaze pye'w
Ou pous'on gaz
Yon gaz gran nèg
Chanm ou santi kafe
Tika pase nan lespri'w
W'ap imajine li,
Lakay li tèt anba
Li leve, tout kòl Kraze
Li rann on gaz
Yon gaz tebe
Pou'l pr'on pen a kafe
Chanm li son ti kafe...

www.facebook.com/pwelzi

lundi 13 février 2017

Plimen, plimen ou

Ti poul saj, tizanmi
Pa pale, pa fè bri
Pa ri fò, pa souri
Se plimen y'ap plimen'w...

Men Jan pou'w abiye
Men ak moun pou'w rete
Men ki lang pou'w pale
Tipoul saj....
Tizanmi....
Pa pale...
pa fè bri...
Se plimen y'ap plimen'w

Lè la sosyete ap ba'w bwa
Se li ki chèf,
Mèt e seyè
Lè la sosyete ap koupe'w
Se plenn nan kè
Se tèt bese...

Yo fè'w kanpe,
Yo fè'w kouche
Fè'w apiye
Fè ti panche...

Sa ou panse pa enpòtan
Sa'w santi pa konsène yo
Sa'w ta vle di p'ap janm fè sans
Paske lojik yo nan kòk yo
Epi moral la gon refren :
" Tipoul saj....
Tizanmi....
Pa pale...
pa fè bri...
Se plimen y'ap plimen'w"

Lè lespri'w fri
Nan bèl chodyè
Ou p'ap janm wè
L'gen gou mamit
Se lè'w pran kou
W'ap wè fòs ou
Ou klou beton
Yo di'w gagit...

Li lè pou'w leve je
Gade la sosyete
Li pou'w fè li dwèt
E montre'l ke'w pare
Pou pran kontròl lavi'w
E fè'l jan lide'w di'w

Men si sa ta rive w'santi...

Ke'w poko pare
Pou di la sosyete
Sispann...Sispann koupe'w
Lè w'ap dakò'l plimen'w
Jan'l vle... jan'l de si de
Omwen zanmi...
met'on kapòt

Mete yon kapòt...
Flanke yon kondòm
Sou bwa la sosyete
Yon kapòt pou pwoteksyon
Menm lè'l pa san pou san
Men pa kite'l fèlch kann
Mete yon kapòt
Sou bwa la sosyete
Pou'w pa bwè yon jèm konfòmis
K'ap fè'w dodo meya ak pwomès
pou'w ta gout'on tikal
Nan bonè isiba...

Ti poul saj, tizanmi
Pa pale, pa fè bri
Pa ri fò, pa souri

Si Daso te youn moun
Yo t'ap kouronen'l wa
Pa li fòs ak pouvwa
Tout moun vle pran daso
Pou fè tikout plimen'w
Enpoze'w sa yo pito
Epi pran pòz renmen'w

Plimen ak sosyete a te dous
Nou tout te pase ladann
Bel ti rad, cheve fèt
Ti pawòl dyòl pwentu
Zuzu kol'ak krache
Mete vès gwo midi
Pou fè swè ak pousyè
bat mòtye sou fontenn
Nèg konplekse, nèg a pye

Sispann kite la sosyete koupe'w
Ak pawòl ladoudous
Pou danse ti mouton
Paske volay ki pi kapon an
Se li ki kwit avan
Nan chodyè granzouzoun

Adje zanmi'm tan yo pa dous
Si'w pr'on vye gwòs
M'di'w se ou k'ap wè'l
Yon gwòs-moral-malatchonn
ki pa'p pitit rèv ou
Yon gwòs-lespri-restavèk-moun
Ka yon prizon avi
Paske nan plede koupe ak yo
Apre gouyad
Vant ka lou
Pandan mèt-moral yo
Ap chanje....
y'ap chanje wi
Epi ane ap pase
Chak fwa yo wè' w
Y'ap griyen dan
Gwòg la nan men dwat
Liv la nan men gòch
Kèk ap ri, kèk ap chante :

"Tipoul saj....
Tizanmi....
Pa pale...
pa fè bri...
Pa fè bri....
Se plimen
nou t'ap plimen'w...."

www.facebook.com/pwelzi