Nombre total de pages vues

Aucun message portant le libellé seksyalite. Afficher tous les messages
Aucun message portant le libellé seksyalite. Afficher tous les messages

dimanche 18 juin 2017

BON FET PAPA

Bòn fèt papa
Se yon reyalite
Anpil moun pap konprann
Bòn fèt papa
Pa gen kado
Pou sa li vo

Bòn fèt papa
Se yon reyalite
Anpil moun pap konprann
Bòn fèt papa
Sèl sa'm ka di
Avan'l twò ta

Bòn lève tout 4 frè li yo
Nan fè travay  lòt moun pap fè
Genyen ki gwo doktè, gwo injenyè
Bèl pent, gran mizisyen
2 Potoprens, youn lòt bò dlo
Pent lan Jacmel
Yo desann wè bòn souvan
Men yo tout konnen sa li vo

Bòn fèt papa
Manman'l mouri bonè
Ti frè yo tout piti
Yo youn pat gen papa...

Bòn konn lavi bonè
Li mete kanson nan tay li
Aprè yon grenn piti
Bòn bouche tay li
Nanpwen kreyon ki pwal fè pwent
Pou vinn make mi lakay li
Nan pwen kreyon ki pwal fè pwent
Pou kite yon chay, de chay
Twa chay pou Bòn pote
Bòn pa taye kreyon ankò
Li sèmante tout pwent fini
Li pran gòm travay pou'l efase
Chak mak karès
Chak tras alsiyis
Sou ti kabann pitit gason li
Manman'l mouri bonè
Ti frè yo tout piti
Yo youn pat gen papa...
Sa se reyalite
Tout lari ap pale
Bòn se yon fanm ki Djam
Bòn Fèt epi'l tou nan lavi
Bòn fèt... Papa....

jeudi 15 juin 2017

Koulèv ak fèy lang...

Mennen koulèv la
al wè fèy lang
Se youn
Fè li rantre ladann
Se de...

Bel rad paweze
Machin ak soulye
Pakin sou do lanperè
Bò jaden bannann
Lakilti ap brase
Bèl randevou
Gwo randevou

Talon kikit
Talon bwa
Vire tounen
Mwen mwen
Filèt tap kase
Sèlfi pèdi lavi'l
Sèl, fi, pè di lavi pa fini
Depi nou pran solèy la, 
Chalè a, rad yo,
Sachè yo, Tab yo ak rabè ya
Mete ansanm pou devlope peyi
Wouy M'bliye moun yo...

Moun yo anba MACHIN
Lavi chè, lamizè BLO yo
Y'ap gouye, ya'p chante RÒK solid
O ròk solid la, se la yo vle kanpe
Men adje moun yo pa ka la
Lakou a pa pou yo
Eskpoze konesans
Pa vle di li pou ou
M'vann ou liv,
ki mele'm ou pa li'l
M'vann ou blan po nwa
M'vann ou nwa Po blan
Konesans tout plimay
Pentire mizè'w ak koulè lespwa
Ki mele'm ou pa li'l

Rantre andidan
Manje nannan'l
Pou Chak ti mak nwa
Pote limyè...

Mennen koulèv al wè fèy lang
Se youn
Fè li rantre adedan liv...
An...
Foli'w gen...

dimanche 11 juin 2017

Grenn nan angrenay ou

Ou bèl,
Ou sou do
Ciel ble a sou tèt nou, m'ap swe
kòm si'm t'ap fon bagay serye
Ou pa di way...
Moun p'ap tande men'm bri souf ou
Mwen m'ap pleyen
Adje gade jan fè Bagay sa di...

Mete grenn
Ou pa may
w'ap pran grenn
Ou pa di Way
Ayayay agrenay ou bon

Se pa jodi w'ap banm sèvis
Ane ap pase
Ou rete bèl
Ou rete djanm

Depi'm maten
M'fèmen telefòn
M'pa sou fesbouk
Touidè ak enstagram
Mwen gon sèl lokipasyon
Vire'w, tounen'w
Mete grenn nan agrenay ou...
M'ap swe, ou pa may
M'ap plenyen, ou pa di way
Grenn pa tròp  pou ou
W'ap banm plezi san'w pa fè bri

Akasan pwal pèdi lavi'l
Moulen, m'ap moulen mayi

DarlinJohancy

vendredi 24 mars 2017

Jouk bouboun bave

Jouk Bouboun bave
Lang mwen
Seche'l
Kilòt va monte bwa
Pou solèy seche
Dlo ki sal li

Limyè je'w an je'm
M'avèg
Janm ou louvri
Mwen wè
Jan ou kouvri'm
Ak pye'w ki pase nan kou'm..
M'pa manje vyann
Mwen souse fèy...
Fè'm sezi douvanjou
Rete sou tè toujou
M'pa manje vyann
Mwen souse fèy jouk
Bouboun bave

Pwèl se fil a koud
Zegwi mwen kanpe
Twal la nan nannan'w
Kouti ta dwe komanse
Men m'pa anvi manje vyann
M'pito souse fèy
Jouk bouboun bave

Jouk Bouboun bave
Pou Lang mwen
Seche'l
Kilòt monte va bwa
Pou solèy seche
Dlo ki sal li

www.facebook.com/pwelzi

mardi 21 mars 2017

Match la...

mrete konsantre
tankou yon zegwi
map file a lang
lesprim ap fofile
anba yon bout jip
kap fèm filalang
map gad de balon
Dèyè'w k'ap mate
pandan map konte
pwen mpral make
nan 2 minit aprè...

mwen plonje
nan kontanple teren an
li tou byen aroze
san vye zèb
san pikan

Ekip lan kanpe
an 4,4,2 ap tann siflè abit
pandan bann nan menm 
ap chofe piblik

vrip, match kòmanse...
bèl chout, bèl frap
bèl detant, bon amòtisman !
mwen sèl kapitèn,
mw defansè e msèl atakan
mpran plezim nan choute
choute detanzantan 
mpa konn zafè gwo kan
M'pa konn zafè  ti kan
premye mitan fini
ak yon gòl nan chak kan

dezyèm mitan pral demare
ak kalte jwè ki tou nèf
koz jwè yo te nan vestyè
ap bwè bouyon tibèf
konsa tou gen se ji kole
yo tap kage pou swèf

spliiiit!!!

match la redemare
Fwa sa ekip yo chanje plas
yo pa janmen dozado
ni tou yo pa rete fasafas
Chout! Chout!..pou bèl devan
bèl detant..balon redegaje..!
dèyè a solid solid!

match lan sere!
men bann lan kòmanse febli
Eh vwala!
...abit lan mete fen
Li met on bout rankont lan koz
gen jwè k'ap vomi,
ta sanble tròp tibèf
osinon ji kole!

smockylepoèted'occasion

34407947

lundi 20 mars 2017

Bwa long

Chak lè m rele l li pa reponn.
Se tankou yon kout kouto li banm.
Kout kouto asasen ap bay inosan.
Ki mouri san bay yon gout san.

Gen yon ti Fanm sou Katye a, li banm yon gwo bwa long kenbe.
M panse se ka yon pwob m gen avèl.
Epi yon jou m deside
fè yon ti pwoche l.
M pa kache diw,
Ti Fanm nan tonbe kase
Kase met nan menm...

Tout pwob li gen avèm,
se poutèt yon fwa li te wèm ap pise.
Epi li santil endinye
Paske m pa gen yon bwa long...
Kidonk yon bwa ki ka plen tou l
Yon bwa tout bon
yon bwa li te swete pran.

Fanm isit gen pwob
ak Nèg ki pa gen bwa long..
Nèg ti bwa kap rantre floup flap.
Ki pa ka fè anyen pou gran ravin.
Lè lapli alsiyis gouyad deside vini.

Li enpòtan pou Nèg ti bwa
pa afwonte gran ravin.
Gran ravin ap bouke
Kase met nan menw ak jouman...
Depi Nèg isit pa degaje l
poul gen bwa long
Fanm isit tou pap neglije pou baw kenbe yon bwa long...

     *Job'Arts*,
Poète, Slameur, Comédien, Promoteur Culturel et enseignant.
                      *3129-0135*

vendredi 17 mars 2017

Pwèl moun fou pou ou

Ap Gen Sipriz wi...
Yon jou n'a wè
Pwèl ap monte tab...

Lè asyèt fayans
Fè timiyèt moso
Pou niche tèt grenn wòch
Pwèl ap monte tab

Chalè lamizè a
Kwit trip
Chalè.... kòk
Benyen nan dlo kokoye

Zannanna pa sirèt
Lè vant vle pen
Pa bal pawòl
Pa fèl pwomès
Ni pa Koupe'l...

Non pa koupe'l
Nan lapriyè'l
Fwa sa se lafwa sèl
Li rete...

Fwa sa fè twa fwa sèl
Fè nich anban lang li
Dlo sikre nan lespri'l
Se yon rèv...

Pwèl...
Pwèl...
moun fou
Pou pen a ze

Pwèl...
Pwèl....
swente
Lwil va koule...
Pwèl moun fou pou ou

Li  atik loopHaiti a sou PWELZI

http://www.loophaiti.com/content/darlin-johancy-michel-met-la-technologie-au-service-de-sa-poésie

jeudi 9 mars 2017

Kotèks

Lwil ap tonbe
An silans
twal ap ranmase..

Ti plenyen'w tankou
Yon bri dèlko tèks mwen
Tèks mwen cheri
Ou mèt dim...

M'ap santi w'ap soufri
M'anvi soufri avè'w

M'ap santi
Chak doulè
Bon ti van
Pote banm
Sou chèz kote'm chita

M'ap santi
Chak soupi
Chak fwa'w mande mouri
M'ap santi'l
M'ap kriye
Men m'ap ri
Lè'm Sonje
Dènye fwa'w  toutouni...

M'pè san, m'pè kilòt
m'anvi al nan bonbon
Men....
Bouboun plen prensip
Youn nan yo se règ...

Sa'k nan janm fanm
Sèl kotèks ki konnen'l
Lè Lwil ap tonbe
An silans
twal ranmase'l
Mete'l nan kontèks li
Kou yon bri dèlko
tèks mwen cheri
Ou mèt dim
M'santi k'ap soufri

www.facebook.com/pwelzi

vendredi 3 mars 2017

Menm Kilòt li

Je'w nan dèyè li
Tou sa l'ap fè 
W'ap veye...
Fò'w pale...

Ou di'w vle
Ede'l mennen lavi'l
Nan bon prensip
Ou envante 
Pou'w sa koupe
"Silaz" yo ki pwan'w
Pou gadò baryè paradi
je'w nan dèyè li
Tou sa l'ap fè 
W'ap veye...

Mouche, fòk sa sispann
Se swa'w preche...
Sa'w koupe...
Men mwen konprann
Pwoblèm ou
Mwen tou m'renmen koupe
Men m'dakò pa preche...

Fòk ou santi
Ke blende koupe ak preche
Bay yon  gode Bann pwoblèm
Ki pa fouti rezoud 
pwoblèm bann ou...

Twòp bann 
Konn pi gwo pwoblèm
Pou Gason kou fanm
Wi se vre
Lè chita'w 
Gouye, gouye
Epi Dinepa ap fè rara
Dlo pa vle vini
Ou bouke 
Kou wè neg k'ap pot de chay
Jou mache Dekouze...

Lè bwa vèt refize limen
Tout sa'w ka fè se nève
Boude w'a boude
Lè'w vle manzè 
Viv jan'w vle a
Machwè'w ap fè zanpoud
Tankou pye nèg k'ap pot de chay
Jou mache Dekouze

Ou di'w vle
Ede'l mennen lavi'l
Nan bon prensip
Ou envante 
Pou'w sa koupe
"Silaz" yo ki pwan'w
Pou gadò baryè paradi
je'w nan dèyè li
Tou sa l'ap fè 
W'ap veye ki lòt moun
Ki zanmi'l, ki lòt 
moun Ki bwat sekrèl, ki lòt 
Moun ki ka madanm ou
Rele'w papa espirityèl
Gadò lapawòl, pòt pawòl lesyèl
Ki lòt moun ki wa nan kanton an
Apre ou...?

Pè'p la fouti
Paske'l pa konnen
Men jou'l konen laverite
Laverite ap kase chenn 
Li p'ap pè monte eskalye lavi
Pandan w'ap gade'l
Je'w nan dèyè li
Tout sa l'ap fè 
W'ap veye...
Paske fò'w pale...
Men l'ap konprann
Ke'l pa oblije mete kanson
Pran pòz Gason 
pou'w pa koupe'l
L'AP rete fanm
Ak bèl tijip s'il deside
monte, desann
macheskalye lavi
Je'w nan dèyè'l
Men'w nan fouk ou
Menm Kilòt li w'pap wè....

www.facebook.com/pwelzi