Nombre total de pages vues

Aucun message portant le libellé #darlinjohancymichel. Afficher tous les messages
Aucun message portant le libellé #darlinjohancymichel. Afficher tous les messages

jeudi 9 février 2017

Tibèf solèy la

Sou kabann lanmè a
Solèy foure lang li
Tout piti
Tou dousman
Nan mitan janm latè
Ki louvri kwis li...

Sou kabann lanmè a
Mwen wè de mòn
Kite lanmè pase
Kou fanm k'ap swente
Avan bwa mare
Avan nèg rantre

Sou kabann lanmè a
Mwen wè tibato
Ayisyen k'ap sove
Yon domi malere
Marengwen ak reken
Manje rèl do pifò
Marengwen souse dri
Tijèm lespwa
Ki t'ap van pouse
kannòt lavi yo
Sou rout lavni...

Sou kabann Lanmè
Mwen wè latè
Kouri rale
Solèy rantre
Fon nan nannan'l
Li fèk aswè
Tout moun ta dwe pa wè
Men moun ki wè ak je lespri
Ranje zouti, pa dòmi di
Lannwit pa pou santan
Tenèb pa pou toutan


Sou kabann lanmè a
Kite solèy foure lang li
Jan'l vle nan janm latè
Kite'l pran tan'l,
Kite'l pran plezi li
Lannwit pa pou santan
Tenèb pa pou toutan
Jodi l'fè nwa
Demen l'ap jou
Gade fènwa
Ak je nan lespri'w
Pa dòmi di
Ranje zouti'w
Kale bwa ou
Pou'w gouye ak Lavi....

www.facebook.com/pwelzi
www.facebook.com/darlinjohancy

lundi 6 février 2017

Dlo je lanmourèz

Kò'w kole ak kò'm
Yon ti mayo jòn sou ou
Yon ti pantalon blan
Ou bèl, ou byen anfom...
Bwa'm di
Mwen bande
Ou swente
Men ni ou ni mwen
Nou pa sou fè lanmou

W'ap kriye tout dlo nan kò'w
Sou zepòl mwen
Pandan w'ap di'm
Kijan'w jan'w sezi
Jan kè'w sote maten an
Lè'm te lopital la...

Maten an m'pran nan Gaz
Lapoliz t'ap kraze manifestasyon
Manifestasyon elèv lise
Gaz la tonbe nan chanm mwen
M'endispoze...
Yo mennen'm lopital
M'te nan oksyjèn...
Kè tout moun sote
Nou dwe marye samdi..

W'ap kriye tout dlo nan kò'w
Sou zepòl mwen
Pandan w'ap di'm
Kijan'w sezi
Jan kè'w sote maten an
Lè'm te lopital la...

Kò'w kole ak kò'm
Yon ti mayo jòn sou ou
Yon ti pantalon blan
Ou bèl, ou byen anfom...
Bwa'm di
Mwen bande
Ou swente...
Men nou rete tou kole
Men ni ou ni mwen
Nou pa sou fè lanmou

www.facebook.com/pwelzi

jeudi 2 février 2017

Bae ak gigit

Mwen ak bae toujou nan kont
Bae renmen fè wè
fè sèlfi nou tou de
Poste nou sou fesbouk
Maketin pou lanmou...
Men mwen m'pa dakò

Mwen ak bae toujou nan kont
Bae renmen afiche'l
Nan lari men nan men
Men nan tay, men nan kou
Fè lòt fanm filalang
Maketin pou lanmou
Men mwen, mtoujou jennen

Mwen ak bae toujou nan kont
Bae renmen bo mwen devan moun
Nan lekòl, nan mache
Li vle piout sou bouch mwen
Kit Legliz, peristil
Li vle piout sou bouch
Bae renmen fè lobèy
Pou moun wè
Men m'pa vle...

Sa'm renmen
Se ti fènwa...
Ti kwen sonm...
Se ti chanm nan
Pou mwen ak bae pale
Pou'm fè dekout gigit
Pou mwen fè bae pyafe
Pou mwen fè bae gouye
Mwen pa nan maketin
M'pa gen lanmou pou van
Relasyon'm pa vitrin
M'pa afiche lavi'm

Wi, sa'm renmen
Se ti fènwa
Se ti kwen sonm
Nan tichanm nan
Pou mwen pouse bae gigit
Pou'm jwenn ti ayayay
Pou'm jwenn bèl ti yayad

Bae limen yon balèn
Atè nan mitan chanm nan
Bae vle nawè li nan nawè'm
Pou'l dim kèk verite...

Bae gade'm ak pitye
Li wè mwen k'ap bave
Kou wè timoun ki saf
Dèyè machann bonbon

Manvi bay bae gigit
Men'l di l'pa konn danse
Li poko Sou mizik
Li pa renmen gita...

Bae gade'm je nan je
Li dim : sonje'w te di'm
Ke lanmou pa vitrin
O w'pap fè maketin
Ou pap afiche vi'w....

Men li fout, sanble'm pwal byen pase
Bae vin chita sou mwen

De pye'm pase nan fouk li
Li Karese'm, li bo'm byen bo 

Epi li di'm : 

"M'renmenw se vre Cheri
Nan chanm kou nan lari
Men vre lanmou ka tann
Bonbon an nan vitrin
fè maketin pou li
W'a pran'l lè nou marye...."

www.facebook.com/pwelzi

mardi 31 janvier 2017

Aux mots sexuels

Mwen pran plezi
Li an kreyol
Li an franse
Men lang Manmanm
Se li renmen....

Mwen pran plezi
Pans'an kreyòl
Ekri franse
Dè fwa mele
Yo tou lè de
Nan pou'm fè pwezi
"aux Mots sexuels"

Au mot "SEXUEL"
Tout moun sispèk
Tijèn ap ri
Youn gade lot
Gason bande
Fanm ap swente
Se bèl bagay...

Sepandan
Aux "MAUX" sexuels
Mwen di non
Yon Fanm s'on moun
Moun gen diyite
Pouki'w fòsel
lè li di'w non
Yon fanm s'on moun
Pa machandiz
Pouki foto li toupatou
W'ap fè piblisite
O, Men bon vyann
O'w te goute

Konyen pa gè
Fè bagay pa maleng
Koupe son kado lanati
Pou'n fè nou dous
Pou'n fè timoun
Wi M'di'l  : konyen
Se yon kado lavi
Mouche Franse t'ap di
"Comme l'air, les arbres
les fruits, et l'eau"....
Men ou konnen "Eau"
son mo seksyèl...

Wi "EAU" mot sexuel
Lè'l kite douche
Li pran kabann
Fè nèg Gaya
Pa pè fredi
Tout gason pwòp
Fè richiya
Sipliye fanm
Cheri benyen'm

lundi 30 janvier 2017

Timamoun Kay Raquelle

Mezanmi ann dakò
Gason pa skanè
Li p'ap fouti renmen lespri'w
Avan tèt dèyè ou
Nèg ap gade tout fòm tete'w
Avan menm li di'w de mo...

Men ann dakò tou
Ke lè'n pran fanm
Pou mitan janm sèlman
Nou desann tèt nou
Pi ba boulgrenn nou....

Fòk timamoun al lekol
Fò Wana lave pye
L'a kite pye poudre
L'a fon sispann mache
Pou yon pen a manba
Oswa yon ji dola...

Pou timamoun kwè nan tèt
Fò'n mennen'l kay Ra
Menen'l al tande...
Menen'l al gade...
Yon grenn bagay ou wè
Ka chanje lavi'w
Yon pawò'l ou tande
Ka mete'w non lòt direksyon

Mennen timamoun kay Ra
Se retire fanm nan nivo
Kouche, monte'l, pyafe
Frèm Lè'n pran fanm
Pou fant janm sèlman
Nou desann tèt nou
Pi ba boulgrenn nou....

Wi nou dakò
Gason pa skanè
Li p'ap fouti renmen lespri'w
Avan tèt dèyè ou
Nèg ap gade tout fòm tete'w
Avan menm li di'w de mo...
Men kou'l finn di'w bonjou
L'ap bo'w tinon kanmenm
Oswa'w timamoun
Oswa'w Ra...

Koulè po'w pa di'm way
Konbyen paspò'w genyen?
Eske kreyòl ou bon?
Sèl sa'm konnen
Timamoun pa gen eskiz
Li gon bon modèl anplis
danse paka chak jou
Pyafe pa pou toujou
Yon jou kou jodia
N'ap mennen'l vinn wè ou
Mèsi Miss Raquelle

samedi 28 janvier 2017

Ti bwa, gwo ravin...

Ti bwa, gran ravin
Depi'w gade w'mele
Tibwa, gran ravin
No mwayen pran plezi...

Ti Bwa ak gran ravin
Pa mwayen pran plezi
Lè kout bal ap tire
Lè bandi anvayi'w
Menm DJ pa desann
Pri prestij ap monte
Tout ti jèn nan kabann
Men nan fouk
pwoblèm bann...

Sèl mwayen pase tan
N'on ti kwen nan chanm nan
M'ap jete ti bwa pa'm
Nan mitan ravin nan
Li pase pa fenèt
Paske kay nou kole
Li pap rete dòmi
Paske papa'l pa jwe
Li majè
Wi se vre
Ke li pa zokiki...
Men s'on timoun sevre
K'ap pran ti goute li

M'pa pote anpil
Sa'm genyen se li'm bay
Men ti bwa n'on ravin
Frèm se jwèt ti bebe...

Yon tibwa n'on ravin
Se tank'on nèg ki gwog
Ou lage nan lanmè
K'ap fè bras tout kote
M'en ki rete sou plas

Yon tibwa n'on ravin
Se tankou yon timoun
K'ap fè lago pou kò'l
San "mè" a, san deli
K'ap jwe ak lonbraj li...

M'pa pote anpil
Sa'm genyen se li'm bay
Men ti bwa n'on ravin
Se sèl sa'k ka sove'n
Li majè
Wi se vre
Ke li pa zokiki...
Men s'on timoun sevre
K'ap pran ti goute li

vendredi 27 janvier 2017

Ma dent papa...

Mwen gon tifi mwen pèdi
Paske'm pa't gon dola
Pou'm mennen'l kay dantis...

Gen de jan'w fèt...
Se tankou yon kalòt
Yon souflèt dwèt griyen
Nan mitan nawè'w ak tande'w
Lavi fout ou sou kabann
Epi'l fè tout pwoblèm koupe'w...
Gwo pwoblèm, ti pwoblèm
Okenn pa epanye'w...

Ti madanm mwen an
te pran yon grenn kalòt
Yon kalòt, yon sèl la
Ki souke tout andan'l
Fè'l pedi tout bonanj...
Fè'l pèdi tout jijman...
Fè'l jwenn tout agiman
Pou'l di ke'l diferan
Li koupe pou lajan....

Lè zuzu marye
ak dènye nivo mizè
Li pa bay lòt rezilta
Ke voye'w nan réfléchi
Chache mwayen
pou'w sa chape
Chach'on vye bwa
Pou'w apiye

Li chèch'on vye nèg  ede'l
M'pat ka bal plis ke love
Men love pa al nan mache...
M'pa dakò, menm konprann
Lè'w pòv men'w vle fre
Ak fanm nan malsite
Se menm bagay....

Nèg ak rèv pran twòp tan
Nèg ak vizyon se nan dizan
Nan dizan y'ap bon....
Men gonjan'w grangou
E'w pa gen lajan
Men'm vòlò parèt devan'w

Se tankou yon kalòt
Yon souflèt dwèt griyen
Nan mitan nawè'w ak tande'w
Lavi fout ou sou kababann
Epi'l fè tout pwoblèm koupe'w...
Gwo pwoblèm, ti pwoblèm
Okenn pa epanye'w...

Ou fè'l pou rad
Li fè'l pou lekòl
Zòt pou plezi
Eske gen youn ki koupab?
Eske nou tout pa koupab?

Solisyon lamizè
T'ap dwe chimen lekòl
T'ap dwe chimen travay
Se met may, se batay...

Mwen gon tifi'm pèdi
Bel timoun, tizuzu
Se tifi Mwen pèdi
Paske'm pa't gon dola
Pou'm mennen'l kay dantis
Aprè lavi fin demachwele'l
Ak kalòt pwoblèm tout kalite
Men Bel timoun, tizuzu
l'ap pleyen an franse
men bò bouch :
"Ooou lala.... Ma dent papa"

jeudi 19 janvier 2017

TET GRENN OU DOUS

M’ap pr’on jòf la
Je’m n’on ti twou
Ti twou nan mi dèyè lakay
Mi sa a kibay bay sou chanm manDjo…

M’ap pr’on ti jòf la
Madan Djo toujou sou romans
Djo toujou ap fè tchans….
Pran pòz li fatige
Ooo bòs mason li ye
Lè sa se poul poze…
Men madan Djo sou men’l
Li konn Djo ap bal fil
Fè kap la file lwen
Epi fè jwèt koule
Pou voye li ale
Pou l’al nan fi deyò…
Madan Djo rive sou Djo
Li file lang li nan zòrèy li
Epi ak yok yon soupi li dil :
mmmm…. Tèt grenn ou dous 

Djo fèmen je’l
Tankou’l t’a retounen nan tan jenès li
Li koumanse pale, oswa depale :
Tèt grenn mwen dous …..
Se sa yon fanm te toujou dim
pase men sou li
Lave’l netoye’l
Kenbe’l ak demen fè’l kimen...
Li renmen lè’m rete toutou ni
San kanson pou’l benyen’m nèt
Li te konn remen bo’l,

M’te chwazi fè cheve wo
Men yo te gade sa ba…
Yo panse’m pa penyen
M’ sankoutcha
Sansal, avadra
Tibouch yo byen “pwentu” :
Se kwa sa, kèl tenu…
E l’am pwentu bèk anm
San two d’literatur :
Sè ma nouvèl kwafur…

Panda Madanjo finn vann
Li finn achte…
Li pa gen fòs pou’l sipòte gason…
Djo pa trò ganmoun
Madandjo te pigran

Men pandan Djo avèl
Djo suri li sonje matant li
Ki konn pase men nan chevel
Ba’l de ti bo pandan l’ap di’l :
Pa al siwo cheve’w
Si’w fèt konsa, Djo ou ka ret konsa
Paske Djo pitit gason’m :
TET GRENN OU DOUS


Matant oooo.... klike sou lyen sa


lundi 16 janvier 2017

Sein tete

Sein, tete
Se madanm, se mouche
Se fanm, se gason
Se de ki fè youn
Se "la paire vers sion"...

Si'w koute " sein"
W'ap mande pou tete'l
Si'w goute tete
W'ap vle ret "en son sien"...

Tete bon
"Sein" an dou
Ke'l kanpe,
Ke'l tonbe
Depi'l gen pwent
Li gou...

"Sein" fè nèg tibebe
Tete ka fè tinèg pyafe
"Sein" fè bouch nèg kouri dlo
Tete fè nèg pa fouti bay do

Dè fwa nèg vle do-Mi
Men Do-Mi tounen Fa-Do
Lè'l wè'l poko bwè lèt
Nan manmèl timanmi'l...

Se kounya mwen konprann
Ke tout fanm se manmi
Ke'l gen 20, 34 tran
Depi li gen tête
On veut être en son "sein"
Men longè janm bwa neg
Yo gen laj yo gen bwa...
Depi nèg wè tete
Tout bon anj yo pati

Men  sen ak tete
Kapab la " Paire Vers Sion "
Mmmm... Douce Perversion..

Dwat Kap Koupe

Yon pye a gòch...
Yon pye à dwat...
Je'm ap pedi rout li
Nan gran lakou...
Devan kay ak lakou pa menm
Men chen gade je 
je mèt kay avan'l antre

M'pwal fè yon dwat
Nan ti triyang ou
Yon dwat k'ap pase nan mitan
Pye gòch ak pye dwat, 
pwen A ak pwen B...

M'ap rantre nan ti tou sa
Sa'k sanble yon grenn je a
Sa'k plen plim sou kote'l la
Men kreyon'm byen kanpe
Nou pa bezwen ekè,
Konpa a pou tale
Cheri pa vin ak règ
M'ka trase ti sa
Byen rapid, byen Rapid

M'pwal f'on dwat
Nan ti triyang ou
Yon dwat k'ap pase nan mitan
Mitan Pye gòch ak pye dwat, 
Nan mitan pwen A ak pwen B...
M'ap rantre nan ronn sa
Ak yon grenn baton, 
Ak Yon bon bwa di

Yon pye a gòch...
Yon pye à dwat...
Je'm ap pedi rout li
Nan gran lakou'w..
Fòk chen gade je 
je mèt kay avan'l antre

Wi M'pwal f'on dwat
Yon pwent... yon dwat..
Drèt drèt nan ti triyang ou 
Apre galeri 
M'ap pran lakou
M'ap rantre nan tou sa
Sa'k sanble grenn je a
Bèl je o'w mèt ri
Bèl jewometri
Bèl Je o'w mèt ri
M'pwal kpupe'w ticheri...

Pou kilòt sa desann

Se chak fwa'w kanpe
Epi lòt pral desann?
Ou chofe, w'ap boule
Ou vle lòt la fè sann...?

Se pa chak fwa'w bande
Pou kilòt la desann
Zanmi'w ka sipòte
Jouk mèkredi lèsann...

Pou kilòt sa desann
Baz fò'w dako di ti mo
Ti mo senp...
Ti mo kout...
Ti mo rèk...
Ti mo dous...

Pou kilòt sa desann
Fò'w dakò'l pa dakò
Fò'l di'w non
Fò'l di'w cho
Pou'w met dlo nan diven'w

Pou kilòt sa desann
Fò'w met jenou'w atè
Sipliye, fò'w chante
Tout mizik ou konnen
Sa'w bliye ou fredone
Met mo pa'w fè refren
F'on konsè pou li sèl...

Men frèm Fanm pa moto
Ou pa monte'l janw vle
Patizan l'pa beka'n
Pou'w kouri pedale

Pou'w goute tibonbon
Fò'w dakò pran poto
Jouk li ba'w yon kout fil
Rele'w vinn pase fil
Pou fè kouran pase
Lajounen kou lanwit...
Men tout tan l'pa di'w wi
Se pale w'pwal pale
gaz ki pwal anpare'w
W'ap mache anpil tou
Achte bòt pou pakou....

Se chak fwa'w kanpe
Ou vle lòt la desann ?
Ou chofe, w'ap boule
Ou vle lòt la fè sann...?

Se pa chak fwa'w bande
Pou kilòt la desann
Zanmi'w ka sipòte...
Jouk mèkredi lèsann....


vendredi 13 janvier 2017

Gadon mòd Konsè...

Ou fè'l antre
Li danse, li ponpe
Ou fè'l antre
Li pyafe, li vole...
Ou danse ak li
Dans ki pa katolik
K'ap kanpe lakominyon'w

Ou fè'l antre
Ou mouye, li danse
Li pyafe, li gouye
Ou danse ak li
Ti danse sou senti
Ti kout sec, ti kout dous
1 dous, 1 cho...
Kòd k'ap sote
Nou de nan ronn
Yon dous, yon Pike
TiKò nou preske fonn...

W'ap fè bri, m'ap souri
N'ap danse toutouni
W'ap vini, m'ap foubi
Tout ti kwen, toutou ni...
Ou vini, w'ap tranble
Souf ou wo, kè'w bat fò
Kò'w chante nan tout lang
Mwen fè'w fonn ak kout lang

Gon amoni san Presyon
Lè'm nan mitan janm ou
Zong ou nan do'm
Dechire po'm
Ou fè'm mal
M' depale
M'di kèk mo m'pa janmen di
doulè a dous
Sèl kò'w se sik
Swè po'w se ji
Kite'm niche'w
Pandan fèy bwa
Ap fè lòt vwa

Ou fè'l antre
Ou mouye, li danse
Nou pyafe, nou gouye
Nou chante
Pandan fèy bwa
A'p fè lòt Vwa
Epi n'ap ri
Wouch ti manman
Gadon konsè....

mardi 10 janvier 2017

le Bwa en révolte

A force d'avoir été baisé
Par ces ELLES malintentionnées
A force d'avoir été baisé
Par ces ELLES machines
Tueuses de tronc
Broyeuses de branches
Suceuses de sève
Mon "Bwa" prend racine
Et crie vengeance...

La révolte du "Bwa"
EST toujours sans effroi
Preuve d'une foi primitive
Vieille alliance, Ancien testament
Œil pour œil
Dent pour Dent
Le "Bwa" devient arme
Coupeur d'ELLES-MACHINES
Le "bwa" COUPE à son tour

La lutte est écolo
Le "Bwa" n'est plus KOYO, kana
Il doit "trip" lui-même
Plus un yoyo-kana
Mon "Bwa" se relève
De ses présumés cendres
Il Abat des machines
Les Haches perdent leur superbe
Les Scies perdent leurs dents

Vous l'aurez compris
Baiser un arbre
C'est penser l'abattre
Blesser Mère-Nature
C'est penser la battre...
Helas,
Avec plus d'un tour Dans son sac
Dame-Nature vengera vos offenses
Tsunamis, ouragan,
Erosions et j'en passe....

Si Derrière chaque grand Homme
Œuvre une femme
Derrière, devant
Et sur chaque "Bwa"
Mère-Nature s'assoit...
Oui, Elle nous couvre
De ses charmes, de ses grâces
De sa toute sagesse
Et qui disait que Les vielles
Sont les meilleures...?

Femme mature
Mère nature est avec nous
Je garde donc foi
Je persiste et signe
« La défaite du "Bwa"
EST toujours éphémère »

dimanche 8 janvier 2017

Sa tibèf ye pou ou ?

Mwen rete nan lakou
Kote plen zannimo
Chen, chwal, bourik
Lapen, Pentad, kodenn
Bel kòk, bon chat..
Men pijon ak tibèf
Toujou ret youn pre lòt

Gen ti kabrit,
Plen ti Milèt
Gen ti lapen
g'on kochon tou
Men depi moun-ak-jip yo
Pase lakay la
Yo bliye tout bagay
Yo chita nan tiBèf
Mete men sou pijon
Mwen m'ap poze kesyon :
" Sa tibèf ye pou ou ?....
Sa pijon fè pou ou ?..."

Moun-ak-jip toujou di'm
De semèn san tibèf
Bay yo pwoblèm chalè
Bon tibèf pa vantay
Sa tibèf fè pou ou...

Moun-ak-jip toujou di'm
De semèn san pijon
Bay problèm sikile
Gwo estrès, ti pèrèz
Lespri a pa poze...
Bon pijon pa kalman
Sa pijon fè pou ou...

Moun-ak-jip toujou di'm
Si'm anvi yo tounen
Pase wè'm, pal'avè'm
Fò'm pa sere pijon
nan kalòj, ni tibèf
Ba yo jwe ak pijon
Ba yo tan pou tibèf...

Nan jaden'm vre pijon
Pa janm trò lwen tibèf
Li pa gen zèl, li san zepòl
Li anba chal, men l'bat ti kòl
Lè'w jwe ak li
Rale plim li
Le'w souke li
Bo titèt li jouk li bave

Moun-ak-jip renmen pijon
Li ka pa tout, men'm konn plizyè
Ki pa'p rate fè mwen lonè
Pase lakay, nan jaden mwen
Pase ti tan, pran swen pijon
Ak bel tibèf...

Mwen rete nan lakou
Kote plen zannimo
Chen, chwal, bourik
Lapen, Pentad, kodenn
Bel kòk, bon chat...

Gen ti kabrit,
Plen ti Milèt
Gen ti lapen
g'on kochon tou
Men depi moun-ak-jip yo
Pase lakay la
Yo bliye tout bagay
Yo chita nan tiBèf
Tout cheve yo lage
De men sou pijon
E mwen ki pa konprann
M'ap poze yo kesyon :
" Sa pijon fè u ?..
Sa tibèf ye pou ou ?..."

samedi 7 janvier 2017

Dlo Koko

Mwen desann sou jenou'm
Lang mwen ap jwe ak ti tou'w
Tout plim ou nan figim
Paske m'ap bobo tou'w...
Mwen kenbe bò dèyè'w
M'ap devore'w tidoudou...

Ou poko nan lavi
Nannan'w vyèj
Blan  koton
Pou tout moun ou ti fi
Men nou pran
Ti dous nou
Anba anba
San nou pa fè bri
Kay vwazen tou kole
Mwen pa fasil jwenn ou
M'ap pwofite niche
Ti bout vyann ki kanpe
Ti nannan, ti sale
Ti bout vyann, ti siwo
Ti moso tè glisse
Douvan kay la gen plim
Ti galeri paradi
Mgade san rantre
Paske'w poko pedi...

Mwen desann sou jenou'm
Lang mwen ap jwe ak ti tou'w
Tout plim ou nan figim
Paske m'ap bobo tou'w...
Mwen kenbe bò dèyè'w
M'ap kage "KOKOYE'M"..

vendredi 6 janvier 2017

Non madanm mwen

Non madanm mwen dous
Ayayay.. Se pa ti koze
Non madanm dous
Li bay nèg pwoblèm...

Non madanm mwen kout
Pi kout, pi dous
Non madanm mwen dous
Li fè neg malad

Chak fanm gen yon non
Yon Jan pou'l fè'w dako
Lè li pa sou bò'w
Lè li pa dakò'w
Lè ou pa moun li vle a...

Chak fanm gen yon non
Yon Jan pou'l di'w
Ret trankil se remèd kò
Mete dlo nan diven'w
Kafe ak ma se te anmè...

Neg mouri mò bande
Kalson trangle toutou
Non madanm mwen anmè
Li bay pwoblèm...
Nan pwen koze di konsa
Pou madanm ou ap bo'w
Karese'w byen karese'w
Épi lè anvi'l pi plis
Li souri, li di'w : ...NON....

Atè a... Sou nat la...

Atè a...
Sou sou nat la..
Plim mwen pare...
Ranje kaye'w...

Atè a..
Sou nat la
M'gon "pwelzi"
Pou'm fè ak ou...

Sot nan tèt ou
Rive nan pye'w
Tout ti detay nan ou
fè'm fou..
Ti pwent dyol ou
Pwent tete ou
M'pa fouti di
Kisa k'pi dous...

M'ap pran tout tanm
Souse bò kou'w
Pandan men'm ap
Nan bòbòt ou...
M'ap karese'l
M'wen pap fè fò
M'ap chouchoute'l
Rele'l minou...

Atè a..
Sou nat la
M'ap fè tibo
Sou chak kwis ou
M'ap fè yo kout
Yo pap anpil
Men se yo ki
Pwal fè ou dous
Fè'w pale lang
Nou de konnen
Jiskaske ou
Louvri janm ou
Rele'm antre
Rale plim mwen
Ranje kaye'w
N'ap fè "pwelzi"
Jouk nou kagou...

lundi 2 janvier 2017

Ne Tuez pas mon sperme

*Ne tuez pas mon sperme*

Ne tuez pas mon sperme
Ne tuez pas l’enfant qui sommeille encore
Ne tuez pas mon sperme
L’idée-semence est vie
Une fois que j’ai joui
En vos entrailles profondes
L’idée-semence est nuit
Elle est l’obscur moment
Qui précède l’éclat du jour merveilleux
Qui suit
Ne tuez pas mon sperme
N’assassinez pas mon rêve
J’avoue ne pas être prêt
J’avoue n’être qu’un Gamin
Je ne saurais en prendre soin
Ne tuez pas mon sperme
N’assassinez pas mon rêve
Il y a de ces métiers
Qu’on n’apprend que sur le Tas
J’apprendrai à être parent
J’élèverai mon enfant
Mon bébé sera grand…
L’idée-semence est ce projet-de-vie
Ce rêve que je chéris
Mon sperme c’est la pierre, la première
Mon premier pas vers ce futur que j’espère
Mme Lavie, vous m’avez pris en vous
Vous m’avez bu mon membre fort
Vous m’avez secoué,
J’ai transpiré,
Vous m’avez remué
J’ai éjaculé…
Ne crachez mon sperme...
Ne tuez pas mon rêve
Préservez mon espèce
Cette catégorie d’hommes
Qui luttent au quotidien
Qui rêvent grand…
Ne crachez mon sperme...
Préservez mon projet
Mon rêve d’un demain
Fait de poésie et de musique….

_Lettre à Mme Lavie_

www.facebook.com/johancyhaiti

samedi 31 décembre 2016

Titougwotou

Titougwotou...
Plen vye zèb
Plen raje sou kote
Titougwotou...
Tou a toujou glise

Titougwotou...
Gen jou se dlo
Gen jou se san
Titougwotou
Tou a toujou glisse

Reskonsablite se chay...

S'il louvri janm li
Pa prese rantre
Tout anndan l'I
Nan nannan'l
Si louvri janm ba'w
al fè ti tèk bò wonn
Pa trò prese rantre
Fè ti penso pou li...

Reskonsablite se chay...

Si l'ap fè'w ti je dous
gade li byen Gade
Lave zye'w byen lave
Pa kouri al peze
Mete dlo nan d'Ivan
Pou bwa'w pa nan moulen

Depi'w gen reskonsablite
Tit ou gwo tou
Li se doktèz
Ou se machann
Tit ou gwo tou
Nou chak gen ròl pa nou

Kit se pwofesèz
Oswa sèvant nan kay
Tit ou gwo tou
Li se fanm polis
Ou sipèvizè faktori
Tit ou gwo tou

Li se Fanm marye
Ou se Fanm sou kote
Tit ou gwo tou
Nou pa gouye menm jan
Li se fanm lavil
Ou se fanm andeyo
Tit ou gwo tou
Nou pa bouyi menm jan

Pa kite yo bese'w
Pa dakò konpare'w
Chak fanm s'on boutèy apa
Pa chache twò sanble ak lèzot
Tit ou gwo tou
Reskonsblite'w se chay pa'w

Titougwotou
Ranmase lo bwa'w
gouye... Gouye anba lavi...

dimanche 25 décembre 2016

Bat mwen la ponyèt mwen....

Bat mwen la
ponyèt mwen
Gonfle venn li
Monte desann
Vire'l, Tounen'l.
L'ap sipòte tout...
Monte... Desann...
L'ap ret kanpe drèt

Kote mòn yo ap Niche syèl la
Se la ponyèt ki konn sove lavi
Ap kontinye  batay...
Kote mon yo ap bobo nyaj yo
Se la ponyèt ki gonfle venn
Pa janm pèdi  batay...

Batay ak tout pwoblèm
Tout koulè tout kalite
Sa je wè, sa bouche di
Sa zòrèy tande
Ak sak monte nan lespri....

Se tande'm tande
mwen son pwoblèm
De zye mwen wè
Ke bwa mare nan menm
Men mwen batay
ak tout pwoblèm
Se Gras a sa ka'p monte
Monte nan lesprim
Mwen di tout vye moman
Tout vye mati,
tout vye pwoblèm
Men'm kanpe
Drèt ak diyite
Bat mwen la
ponyèt mwen
Gonfle venn li
Monte desann
Vire'l, Tounen'l.
L'ap sipòte tout
Jouk Mwen voye siksè...