Nombre total de pages vues

Aucun message portant le libellé kilot. Afficher tous les messages
Aucun message portant le libellé kilot. Afficher tous les messages

lundi 16 janvier 2017

Pou kilòt sa desann

Se chak fwa'w kanpe
Epi lòt pral desann?
Ou chofe, w'ap boule
Ou vle lòt la fè sann...?

Se pa chak fwa'w bande
Pou kilòt la desann
Zanmi'w ka sipòte
Jouk mèkredi lèsann...

Pou kilòt sa desann
Baz fò'w dako di ti mo
Ti mo senp...
Ti mo kout...
Ti mo rèk...
Ti mo dous...

Pou kilòt sa desann
Fò'w dakò'l pa dakò
Fò'l di'w non
Fò'l di'w cho
Pou'w met dlo nan diven'w

Pou kilòt sa desann
Fò'w met jenou'w atè
Sipliye, fò'w chante
Tout mizik ou konnen
Sa'w bliye ou fredone
Met mo pa'w fè refren
F'on konsè pou li sèl...

Men frèm Fanm pa moto
Ou pa monte'l janw vle
Patizan l'pa beka'n
Pou'w kouri pedale

Pou'w goute tibonbon
Fò'w dakò pran poto
Jouk li ba'w yon kout fil
Rele'w vinn pase fil
Pou fè kouran pase
Lajounen kou lanwit...
Men tout tan l'pa di'w wi
Se pale w'pwal pale
gaz ki pwal anpare'w
W'ap mache anpil tou
Achte bòt pou pakou....

Se chak fwa'w kanpe
Ou vle lòt la desann ?
Ou chofe, w'ap boule
Ou vle lòt la fè sann...?

Se pa chak fwa'w bande
Pou kilòt la desann
Zanmi'w ka sipòte...
Jouk mèkredi lèsann....