Sou kabann lanmè a
Solèy foure lang li
Tout piti
Tou dousman
Nan mitan janm latè
Ki louvri kwis li...
Sou kabann lanmè a
Mwen wè de mòn
Kite lanmè pase
Kou fanm k'ap swente
Avan bwa mare
Avan nèg rantre
Sou kabann lanmè a
Mwen wè tibato
Ayisyen k'ap sove
Yon domi malere
Marengwen ak reken
Manje rèl do pifò
Marengwen souse dri
Tijèm lespwa
Ki t'ap van pouse
kannòt lavi yo
Sou rout lavni...
Sou kabann Lanmè
Mwen wè latè
Kouri rale
Solèy rantre
Fon nan nannan'l
Li fèk aswè
Tout moun ta dwe pa wè
Men moun ki wè ak je lespri
Ranje zouti, pa dòmi di
Lannwit pa pou santan
Tenèb pa pou toutan
Sou kabann lanmè a
Kite solèy foure lang li
Jan'l vle nan janm latè
Kite'l pran tan'l,
Kite'l pran plezi li
Lannwit pa pou santan
Tenèb pa pou toutan
Jodi l'fè nwa
Demen l'ap jou
Gade fènwa
Ak je nan lespri'w
Pa dòmi di
Ranje zouti'w
Kale bwa ou
Pou'w gouye ak Lavi....
www.facebook.com/pwelzi
www.facebook.com/darlinjohancy
