Nombre total de pages vues

jeudi 2 février 2017

Bae ak gigit

Mwen ak bae toujou nan kont
Bae renmen fè wè
fè sèlfi nou tou de
Poste nou sou fesbouk
Maketin pou lanmou...
Men mwen m'pa dakò

Mwen ak bae toujou nan kont
Bae renmen afiche'l
Nan lari men nan men
Men nan tay, men nan kou
Fè lòt fanm filalang
Maketin pou lanmou
Men mwen, mtoujou jennen

Mwen ak bae toujou nan kont
Bae renmen bo mwen devan moun
Nan lekòl, nan mache
Li vle piout sou bouch mwen
Kit Legliz, peristil
Li vle piout sou bouch
Bae renmen fè lobèy
Pou moun wè
Men m'pa vle...

Sa'm renmen
Se ti fènwa...
Ti kwen sonm...
Se ti chanm nan
Pou mwen ak bae pale
Pou'm fè dekout gigit
Pou mwen fè bae pyafe
Pou mwen fè bae gouye
Mwen pa nan maketin
M'pa gen lanmou pou van
Relasyon'm pa vitrin
M'pa afiche lavi'm

Wi, sa'm renmen
Se ti fènwa
Se ti kwen sonm
Nan tichanm nan
Pou mwen pouse bae gigit
Pou'm jwenn ti ayayay
Pou'm jwenn bèl ti yayad

Bae limen yon balèn
Atè nan mitan chanm nan
Bae vle nawè li nan nawè'm
Pou'l dim kèk verite...

Bae gade'm ak pitye
Li wè mwen k'ap bave
Kou wè timoun ki saf
Dèyè machann bonbon

Manvi bay bae gigit
Men'l di l'pa konn danse
Li poko Sou mizik
Li pa renmen gita...

Bae gade'm je nan je
Li dim : sonje'w te di'm
Ke lanmou pa vitrin
O w'pap fè maketin
Ou pap afiche vi'w....

Men li fout, sanble'm pwal byen pase
Bae vin chita sou mwen

De pye'm pase nan fouk li
Li Karese'm, li bo'm byen bo 

Epi li di'm : 

"M'renmenw se vre Cheri
Nan chanm kou nan lari
Men vre lanmou ka tann
Bonbon an nan vitrin
fè maketin pou li
W'a pran'l lè nou marye...."

www.facebook.com/pwelzi

Aucun commentaire:

Publier un commentaire