Nombre total de pages vues

Aucun message portant le libellé Miss Universe. Afficher tous les messages
Aucun message portant le libellé Miss Universe. Afficher tous les messages

jeudi 9 février 2017

Tibèf solèy la

Sou kabann lanmè a
Solèy foure lang li
Tout piti
Tou dousman
Nan mitan janm latè
Ki louvri kwis li...

Sou kabann lanmè a
Mwen wè de mòn
Kite lanmè pase
Kou fanm k'ap swente
Avan bwa mare
Avan nèg rantre

Sou kabann lanmè a
Mwen wè tibato
Ayisyen k'ap sove
Yon domi malere
Marengwen ak reken
Manje rèl do pifò
Marengwen souse dri
Tijèm lespwa
Ki t'ap van pouse
kannòt lavi yo
Sou rout lavni...

Sou kabann Lanmè
Mwen wè latè
Kouri rale
Solèy rantre
Fon nan nannan'l
Li fèk aswè
Tout moun ta dwe pa wè
Men moun ki wè ak je lespri
Ranje zouti, pa dòmi di
Lannwit pa pou santan
Tenèb pa pou toutan


Sou kabann lanmè a
Kite solèy foure lang li
Jan'l vle nan janm latè
Kite'l pran tan'l,
Kite'l pran plezi li
Lannwit pa pou santan
Tenèb pa pou toutan
Jodi l'fè nwa
Demen l'ap jou
Gade fènwa
Ak je nan lespri'w
Pa dòmi di
Ranje zouti'w
Kale bwa ou
Pou'w gouye ak Lavi....

www.facebook.com/pwelzi
www.facebook.com/darlinjohancy

lundi 6 février 2017

Dlo je lanmourèz

Kò'w kole ak kò'm
Yon ti mayo jòn sou ou
Yon ti pantalon blan
Ou bèl, ou byen anfom...
Bwa'm di
Mwen bande
Ou swente
Men ni ou ni mwen
Nou pa sou fè lanmou

W'ap kriye tout dlo nan kò'w
Sou zepòl mwen
Pandan w'ap di'm
Kijan'w jan'w sezi
Jan kè'w sote maten an
Lè'm te lopital la...

Maten an m'pran nan Gaz
Lapoliz t'ap kraze manifestasyon
Manifestasyon elèv lise
Gaz la tonbe nan chanm mwen
M'endispoze...
Yo mennen'm lopital
M'te nan oksyjèn...
Kè tout moun sote
Nou dwe marye samdi..

W'ap kriye tout dlo nan kò'w
Sou zepòl mwen
Pandan w'ap di'm
Kijan'w sezi
Jan kè'w sote maten an
Lè'm te lopital la...

Kò'w kole ak kò'm
Yon ti mayo jòn sou ou
Yon ti pantalon blan
Ou bèl, ou byen anfom...
Bwa'm di
Mwen bande
Ou swente...
Men nou rete tou kole
Men ni ou ni mwen
Nou pa sou fè lanmou

www.facebook.com/pwelzi

jeudi 2 février 2017

Bae ak gigit

Mwen ak bae toujou nan kont
Bae renmen fè wè
fè sèlfi nou tou de
Poste nou sou fesbouk
Maketin pou lanmou...
Men mwen m'pa dakò

Mwen ak bae toujou nan kont
Bae renmen afiche'l
Nan lari men nan men
Men nan tay, men nan kou
Fè lòt fanm filalang
Maketin pou lanmou
Men mwen, mtoujou jennen

Mwen ak bae toujou nan kont
Bae renmen bo mwen devan moun
Nan lekòl, nan mache
Li vle piout sou bouch mwen
Kit Legliz, peristil
Li vle piout sou bouch
Bae renmen fè lobèy
Pou moun wè
Men m'pa vle...

Sa'm renmen
Se ti fènwa...
Ti kwen sonm...
Se ti chanm nan
Pou mwen ak bae pale
Pou'm fè dekout gigit
Pou mwen fè bae pyafe
Pou mwen fè bae gouye
Mwen pa nan maketin
M'pa gen lanmou pou van
Relasyon'm pa vitrin
M'pa afiche lavi'm

Wi, sa'm renmen
Se ti fènwa
Se ti kwen sonm
Nan tichanm nan
Pou mwen pouse bae gigit
Pou'm jwenn ti ayayay
Pou'm jwenn bèl ti yayad

Bae limen yon balèn
Atè nan mitan chanm nan
Bae vle nawè li nan nawè'm
Pou'l dim kèk verite...

Bae gade'm ak pitye
Li wè mwen k'ap bave
Kou wè timoun ki saf
Dèyè machann bonbon

Manvi bay bae gigit
Men'l di l'pa konn danse
Li poko Sou mizik
Li pa renmen gita...

Bae gade'm je nan je
Li dim : sonje'w te di'm
Ke lanmou pa vitrin
O w'pap fè maketin
Ou pap afiche vi'w....

Men li fout, sanble'm pwal byen pase
Bae vin chita sou mwen

De pye'm pase nan fouk li
Li Karese'm, li bo'm byen bo 

Epi li di'm : 

"M'renmenw se vre Cheri
Nan chanm kou nan lari
Men vre lanmou ka tann
Bonbon an nan vitrin
fè maketin pou li
W'a pran'l lè nou marye...."

www.facebook.com/pwelzi

lundi 30 janvier 2017

Timamoun Kay Raquelle

Mezanmi ann dakò
Gason pa skanè
Li p'ap fouti renmen lespri'w
Avan tèt dèyè ou
Nèg ap gade tout fòm tete'w
Avan menm li di'w de mo...

Men ann dakò tou
Ke lè'n pran fanm
Pou mitan janm sèlman
Nou desann tèt nou
Pi ba boulgrenn nou....

Fòk timamoun al lekol
Fò Wana lave pye
L'a kite pye poudre
L'a fon sispann mache
Pou yon pen a manba
Oswa yon ji dola...

Pou timamoun kwè nan tèt
Fò'n mennen'l kay Ra
Menen'l al tande...
Menen'l al gade...
Yon grenn bagay ou wè
Ka chanje lavi'w
Yon pawò'l ou tande
Ka mete'w non lòt direksyon

Mennen timamoun kay Ra
Se retire fanm nan nivo
Kouche, monte'l, pyafe
Frèm Lè'n pran fanm
Pou fant janm sèlman
Nou desann tèt nou
Pi ba boulgrenn nou....

Wi nou dakò
Gason pa skanè
Li p'ap fouti renmen lespri'w
Avan tèt dèyè ou
Nèg ap gade tout fòm tete'w
Avan menm li di'w de mo...
Men kou'l finn di'w bonjou
L'ap bo'w tinon kanmenm
Oswa'w timamoun
Oswa'w Ra...

Koulè po'w pa di'm way
Konbyen paspò'w genyen?
Eske kreyòl ou bon?
Sèl sa'm konnen
Timamoun pa gen eskiz
Li gon bon modèl anplis
danse paka chak jou
Pyafe pa pou toujou
Yon jou kou jodia
N'ap mennen'l vinn wè ou
Mèsi Miss Raquelle