Nombre total de pages vues

Aucun message portant le libellé ti mamoun. Afficher tous les messages
Aucun message portant le libellé ti mamoun. Afficher tous les messages

lundi 30 janvier 2017

Timamoun Kay Raquelle

Mezanmi ann dakò
Gason pa skanè
Li p'ap fouti renmen lespri'w
Avan tèt dèyè ou
Nèg ap gade tout fòm tete'w
Avan menm li di'w de mo...

Men ann dakò tou
Ke lè'n pran fanm
Pou mitan janm sèlman
Nou desann tèt nou
Pi ba boulgrenn nou....

Fòk timamoun al lekol
Fò Wana lave pye
L'a kite pye poudre
L'a fon sispann mache
Pou yon pen a manba
Oswa yon ji dola...

Pou timamoun kwè nan tèt
Fò'n mennen'l kay Ra
Menen'l al tande...
Menen'l al gade...
Yon grenn bagay ou wè
Ka chanje lavi'w
Yon pawò'l ou tande
Ka mete'w non lòt direksyon

Mennen timamoun kay Ra
Se retire fanm nan nivo
Kouche, monte'l, pyafe
Frèm Lè'n pran fanm
Pou fant janm sèlman
Nou desann tèt nou
Pi ba boulgrenn nou....

Wi nou dakò
Gason pa skanè
Li p'ap fouti renmen lespri'w
Avan tèt dèyè ou
Nèg ap gade tout fòm tete'w
Avan menm li di'w de mo...
Men kou'l finn di'w bonjou
L'ap bo'w tinon kanmenm
Oswa'w timamoun
Oswa'w Ra...

Koulè po'w pa di'm way
Konbyen paspò'w genyen?
Eske kreyòl ou bon?
Sèl sa'm konnen
Timamoun pa gen eskiz
Li gon bon modèl anplis
danse paka chak jou
Pyafe pa pou toujou
Yon jou kou jodia
N'ap mennen'l vinn wè ou
Mèsi Miss Raquelle