Ti bwa, gran ravin
Depi'w gade w'mele
Tibwa, gran ravin
No mwayen pran plezi...
Ti Bwa ak gran ravin
Pa mwayen pran plezi
Lè kout bal ap tire
Lè bandi anvayi'w
Menm DJ pa desann
Pri prestij ap monte
Tout ti jèn nan kabann
Men nan fouk
pwoblèm bann...
Sèl mwayen pase tan
N'on ti kwen nan chanm nan
M'ap jete ti bwa pa'm
Nan mitan ravin nan
Li pase pa fenèt
Paske kay nou kole
Li pap rete dòmi
Paske papa'l pa jwe
Li majè
Wi se vre
Ke li pa zokiki...
Men s'on timoun sevre
K'ap pran ti goute li
M'pa pote anpil
Sa'm genyen se li'm bay
Men ti bwa n'on ravin
Frèm se jwèt ti bebe...
Yon tibwa n'on ravin
Se tank'on nèg ki gwog
Ou lage nan lanmè
K'ap fè bras tout kote
M'en ki rete sou plas
Yon tibwa n'on ravin
Se tankou yon timoun
K'ap fè lago pou kò'l
San "mè" a, san deli
K'ap jwe ak lonbraj li...
M'pa pote anpil
Sa'm genyen se li'm bay
Men ti bwa n'on ravin
Se sèl sa'k ka sove'n
Li majè
Wi se vre
Ke li pa zokiki...
Men s'on timoun sevre
K'ap pran ti goute li
Aucun commentaire:
Publier un commentaire