Nombre total de pages vues

Aucun message portant le libellé #literati. Afficher tous les messages
Aucun message portant le libellé #literati. Afficher tous les messages

mercredi 21 décembre 2016

Koko w te fèk la

Tou Santi bon,
bon jan sant fanm
Byen fre, byen djanm
Koko w'te fèk la cheri

Tou banda...
Tou dous...
Ti Koko pa'm
Msonje m'ap manyen'w
Fè tibo pou ou
pandan m'ap Gade'w,
Fè ti bo pou ou
E m'ap karese'w....

Ahh te gen plezi wi
Satiyèt ou, fè ou ri
Jouk dlo koule
Jwe avè 'w, ba'w plezi
Jiskaske'm swe
Ti boki sensib
Ti basen lavi
Koko w'te fèk la

Men kounyea m'bezwen'w
men'w pa ret sou mwen
Koko m'ap chache'w
Ou fè kou'w pa konnen'm
Men Koko w'te fèk la...

Nan mache chache
Pou'm pa ret san soupe
M'al sote Koko...
Mezanmi anmwey :
Gade san sou koko
Wouy.... Kè'm plen
Pèdi gou, m'pèdi fou
Wouyyy kou a fè mwen mal
Gade Jan neg sasinen Korali
Yon jenn fanm plen lavi
Byen kanpe
Tou Santi bon,
bon jan sant fanm
Fanm tèt, fanm drèt
Byen fre, byen djanm
Koko w'te fèk la cheri....


samedi 17 décembre 2016

Mwen Bande

Gadon grenn !
Koumanman gadon grenn !
Yon grenn plezi...
Yon grenn lavi...
Koumabo gadon grenn !

Mwen bande....
Wi m'bande...
E lè'm bande
Mwen wè'w pi byen...
Lè'm bande
Mwen wè'w san fa,
San koulè sou do Je'w
Mwen wè'w san rad,
San sandal chè nan pye'w
Lè'm bande
Mwen wè'w pi byen...

Ahhh...
Gadon grenn !
Koumanman gadon grenn !
Yon grenn plezi...
Yon grenn lavi...
Koumabo gadon grenn !

Lè'm bande
Mwen wè'w pi byen
Mwen wè' toutouni
San lanvè, san landwat
San vèni, san penti
Lè'm bande
Mwen wè'w pi byen
Lè'm bande
Mwen kanpe drèt
Pou'm wè... pi byen
Pou'm wè... pi lwen
Pou'm wè pi fon
Rantre andan'w
Manyen nannan'w
Konprann lojik ou
Jwen pwen sansib ou...

Men Mezanmi
Gadon grenn !
Koumanman gadon grenn !
Yon grenn plezi...
Yon grenn lavi !

Pou'm jwenn chimen'w
Alé, tounen'w
M'pran pozisyon ke'm pa ta vle
M'fè efò ke'm pa ta dwe
Mwen konn kanpe
Jouk kò'm fè'm mal
Oooo manman lavi
M'sipòte'w, mwen tolere'w
Mwen kite ou monte sou mwen
Ou Kraze'm, ou pile'm...
Ou souse'm byen souse...

Mwen pat fèt bòy
Se ou lavi ki bande je'm
Ak eksperyans tout kalite
Sitou pwoblèm an kantite
Ou pete je'm pou'm wè pi klè
Ou fè'm grandi, mete'm sou men'm
Mwen wè'w san fa, san makiyay
Mwen fou andedan'w,
Pou'm jwen nannanw

Mwen pat fèt bòy
Men'm wè pi byen
E'm wè pi lwen ak yon grenn "Je"
Gadon grenn !
Koumanman gadon grenn !
Yon grenn plezi...
Yon grenn lavi...
Koumabo gadon grenn "Je"...