Mwen gon tifi mwen pèdi
Paske'm pa't gon dola
Pou'm mennen'l kay dantis...
Gen de jan'w fèt...
Se tankou yon kalòt
Yon souflèt dwèt griyen
Nan mitan nawè'w ak tande'w
Lavi fout ou sou kabann
Epi'l fè tout pwoblèm koupe'w...
Gwo pwoblèm, ti pwoblèm
Okenn pa epanye'w...
Ti madanm mwen an
te pran yon grenn kalòt
Yon kalòt, yon sèl la
Ki souke tout andan'l
Fè'l pedi tout bonanj...
Fè'l pèdi tout jijman...
Fè'l jwenn tout agiman
Pou'l di ke'l diferan
Li koupe pou lajan....
Lè zuzu marye
ak dènye nivo mizè
Li pa bay lòt rezilta
Ke voye'w nan réfléchi
Chache mwayen
pou'w sa chape
Chach'on vye bwa
Pou'w apiye
Li chèch'on vye nèg ede'l
M'pat ka bal plis ke love
Men love pa al nan mache...
M'pa dakò, menm konprann
Lè'w pòv men'w vle fre
Ak fanm nan malsite
Se menm bagay....
Nèg ak rèv pran twòp tan
Nèg ak vizyon se nan dizan
Nan dizan y'ap bon....
Men gonjan'w grangou
E'w pa gen lajan
Men'm vòlò parèt devan'w
Se tankou yon kalòt
Yon souflèt dwèt griyen
Nan mitan nawè'w ak tande'w
Lavi fout ou sou kababann
Epi'l fè tout pwoblèm koupe'w...
Gwo pwoblèm, ti pwoblèm
Okenn pa epanye'w...
Ou fè'l pou rad
Li fè'l pou lekòl
Zòt pou plezi
Eske gen youn ki koupab?
Eske nou tout pa koupab?
Solisyon lamizè
T'ap dwe chimen lekòl
T'ap dwe chimen travay
Se met may, se batay...
Mwen gon tifi'm pèdi
Bel timoun, tizuzu
Se tifi Mwen pèdi
Paske'm pa't gon dola
Pou'm mennen'l kay dantis
Aprè lavi fin demachwele'l
Ak kalòt pwoblèm tout kalite
Men Bel timoun, tizuzu
l'ap pleyen an franse
men bò bouch :
"Ooou lala.... Ma dent papa"
hummmm, sa a mòrrrde!
RépondreEffacerBelle plume
Merci Johann.... Mèsi anpil
Effacer