Nombre total de pages vues

jeudi 20 octobre 2016

Anba'w m'ta ye

Anba'w m'ta ye...

Anba'w fè fret
M'pap chofe
W'ap sou tout kò'm
M'pap fouti swe
M'ap san kanson,
Menm m'pap bande
W'ap sou tout kòm...

Anba'w m'ta ye

Lè Lanwit bare nou
Anba ou San limyè
Yon touf fènwa bare nawè'm
Ou deyo m'pa fouti kite'w rantre
Pou'w pa fè dega,
Pou'w pa mete'm nan zen
Men m'pap kache'w:  Anba'w m'ta ye

Menm si Je'm ta pedi rout li
Anba jipon'w, anba jip ou...
Anba jip ou m'ap wè anyen
Zandolit ou ap fè pipi nan jem
...ah lapli...
Ak chalè sa... Mmmm....
Anba'w lapli... Anba'w m'ta ye...

DarlinJOhancy

Aucun commentaire:

Publier un commentaire