San Dra po'w
Li fè frèt, m'ap tranble
Jakmèl la pa dous
Lè'w pou kò'm ak mizik...
Li fè frèt, m'ap tranble
Jakmèl la pa dous
Lè'w pou kò'm ak mizik...
Mwen swete'w t'a kote'm
Pou'm rale branch cheve'w
Pou'm koud de retay twal
Mete anwo'm, Yon dra po'w
Pou'm rale branch cheve'w
Pou'm koud de retay twal
Mete anwo'm, Yon dra po'w
Mwen swete'w ta kote'm
Pou'm ta rale fèy ou
Mete anba kreyon'm
Ekri mizik peyi
Chante lendepandans
Reve diri peyi
Pandan gaz anpare'm...
Moun grangou pap konnen
syèl ble lajounen
Oswa syèl nwa san pwèl solèy
Sak pi renmen san wouj...
Pou'm ta rale fèy ou
Mete anba kreyon'm
Ekri mizik peyi
Chante lendepandans
Reve diri peyi
Pandan gaz anpare'm...
Moun grangou pap konnen
syèl ble lajounen
Oswa syèl nwa san pwèl solèy
Sak pi renmen san wouj...
Yon gòdèt te jenjanm
Ak Dra Po'w
Se tout sa'mbezwen
pou'm Kwape fredite ...
Tout nyaj yo met ansanm
Pou yo pise sou mwen
Yon lapli vèmin
K'ap Niche tout pwèl bwa
Nan jaden'm
De mango pandye
Tou pre pou tonbe...
Ak Dra Po'w
Se tout sa'mbezwen
pou'm Kwape fredite ...
Tout nyaj yo met ansanm
Pou yo pise sou mwen
Yon lapli vèmin
K'ap Niche tout pwèl bwa
Nan jaden'm
De mango pandye
Tou pre pou tonbe...
Avèk ou ti doudou
18 me Jakmèl t'ap dous vre
Men san Dra Po'w
Li fè fret
M'ap tranble
6 kòd gita yo ri'm
18 me Jakmèl t'ap dous vre
Men san Dra Po'w
Li fè fret
M'ap tranble
6 kòd gita yo ri'm
DarlinJohancy
www.facebook.com/darlinjohancy

Aucun commentaire:
Publier un commentaire