mercredi 29 mars 2017

Sonje

Nou makonnen kou je zetwal
Fè lannwit jwenn ralonj
Alimante janm ou nan fil cho
Fil frèt se swentman w depi nan goute
Klete tete w nan fant je m
Fè laviwonndede ri dèseza
Jouk nou fè spak matisan

Ann glise desann kabann cheri
Lè kò w va degoute sou kò m
Ma konn anba jipou

Nou makonnen nan fant vil la
Ti krik ti krak
Lapli w benyen katedral
Alsiyis ou reveye channmas
Tout senbal se sonèt dousèw
Tout klaksòn konn lè wap vini
Cheni pa gouye pase w

Lonbrik ou se flè dizè
Choublak trennen nan vèy
Lè kabann paka pran sekous
Ou dous pase blakawout

Adjanoumelezo
Lanmou reveye vwazinay
Kat kafou make non w an kè
Lè n fè pwason kraze nan bouyon
Donmbrèy anfle nan chodyèw
Tout kay tande bri w

Bb jan wap vini an se tankou :
Yon lame kap degringole
Yon mango totot 
Yon ekip ki bat 3 a zewo
Yon lapli dènye sezon
Yon fanm kap jwi premye fwa nan vi l

Wouyyy cheri
Tout kò w se sant lanmou
Sitou lè w jwenn plezi 
W'al chita kotew konnen m konnen an
Ri pou kòw tankou moun fou ...

Dormélus Obdiel Zidane
Zizou
+509 3897-8528

Aucun commentaire:

Publier un commentaire