Nombre total de pages vues

jeudi 16 février 2017

Mèsi be

Mèsi pou 2014..
mèsi pou 2015...
mèsi pou yè swa Be
mèsi pou souvni...

chanm lakay
chanm otèl
tout kote'w te konn
mete sik sou bonbon lavi'm...

mèsi pou pwèl ou
ke'w te konn kite'm rale
mèsi pou tete'w
ou te kite'm souse...

mèsi pou chak gouyad
ti kout, ti long...
mèsi pou chak fwa
ou fè ti monte sou mwen...

cheri mèsi pou yè swa
Ou rele'm, mande'm
Eske'm pou kò'm
Di'm ou renmen'm
Ok n'ap wè taleu....
Men pou jouk maten an
M'ap tande yon mo
Nan ti dyòl dous ou
Pou pase pomad
Sou kè'm ou blese yè swa...

Li fenk midi
Nan yon fòm lapriyè
Mpran telefòn m'ekri'w
Mande'w pou'n wè pita
Ou réfléchi...
Ou di mmmmm....
Ou di non....

Ou di'm yon gren bagay
Ki fè'm wè kè'w malad
ou pi blese pase'm
Maleng ki nan kè ou
Gen pij ke san...

M'wèw t'avè'm
Paske w'te sèl
Mwen wè'w t'avè'm
Paske'w te bouke
Ak yon relasyon 
ke ou pa't ka konprann...
Ke'w pa't ka kite tou...

mèsi pou tout mesaj
ou mande'm efase
mèsi pou lè'w pwal wè'm 
Ap pase nan lari
W'a efase renmen
Nèt nèt sou ti figi'w
Pou moun ka konnen
ou ak mwen pa n'anyen...

mèsi pou chak ti gouyad
Ti gouyad dous
ti kout, ti long...
Wi Be, mèsi pou chak fwa
W'fè ti kal monte sou mwen

Mèsi pou 2014..
mèsi pou 2015...
mèsi pou yè swa Be


Aucun commentaire:

Publier un commentaire