Nombre total de pages vues

mardi 14 février 2017

14 fevriye bòs mason

M'vinn achte...
Vann mwen
di goud lanmou...
Ak yon bwat lèt
Epi yon bonifas...

Mwen pa konn jou konje
Jouk solèy la kouche
Se trimen m'ap trimen
Pou'm bay tchovi manje
Ak yon ti kòb pou pòch...

Aaaa... Ou konnen...
Se se Gason mgenyen
Toulède nan fakilte
Youn nan leta
Youn nan prive....
Lè yo te piti,
Nèg yo pat sòt lekòl
Mte konn kenbe leson pou yo
Men kounyea se inivèsite
Mpa li nan gwo liv
Men gasonm yo ap save....

M'vinn achte Djo...
Apa radyo ap bay
Ansysen mizik lanmou...
Wana sispann mache?
Oooo kote timamoun?

Annnn se vre jodi 14
14 fevriye...
Jou sa tankou madigra
Tout moun  maske...

14 fevriye
Tout kote sanble legliz biznis
Ak tilèzanj tout kout
K'ap trip sou nèg a bous
Ti flèch li nan menl
Se fiouw... Fiouw...
Nan bouda malere...

Mwen, m'gen de gason
M'toujou di youn :
Potoprens pa fè kado
Al etidye, p'al pran fado
Ti je dou, gwo bounda
K'ap rele'w :
" Vinn souse tete
Banm chokola
M'ap ba'w lèt tibèf ou rèd...."

M'di lòt la :
" Pran tèt ou
Pa kouri peye
San ou pa fè pri
plezi ak avni
Pa toujou souri..."

Mwen se bòs mason
Jouk solèy la kouche
trimen m'ap trimen
Pou'm bay tchovi yo manje...
Ak ti kòb pou met nan pòch yo...

14 fevriye pa'm
Mwen fete li chak jou
Lè'm pa pran jou konje
Lè'm ap travay pou yo
Pou yo fre,
Pou yo swèg
Pou yo skini
Jouk boul grenn yo trangle...

14 fevrye pa'm...
Mwen  fete li chak jou
Depi lè'm te pran tan
M'te pran san'm pou'mchwazi
Bèl  bout chokola sa
Ki leve gason'm yo
Bèl ti manmi cheri sa
Ki se pa'm pou lavi...

Gade Djo...
Sispann nwi bouda radyo a

Ban'm pou di goud
Di goud chokola
Ak yon bwat lèt
Epi.... yon bonifas...

www.facebook.com/pwelzi

Aucun commentaire:

Publier un commentaire