Nombre total de pages vues

mercredi 15 mars 2017

Lè a chanje

M'sanble timachan
K'ap veye zago loray
Lajan anba tete
L'ap kouri al pran plas...

M'sanble travayè
Ki pwale pwan machin
Telefòn nan chosèt
Bous li nan fant janm li
Pou yo pa pran kout lè....

Mpran douvan
Pandan'l fè nwa toujou
Pou'm mande'w tounen
Pandan li douvanjou...

Solèy di la pa la'l...

Lè a lou
San sant kò'w
San pafen toutouni'w
ki met lavi andedan'm...

Lè y'a di nou t'ansanm
Se lè dizan pase
Tèlman ou te Kache
Pou pyès moun pat tande
Lè lonbraj nou te fè youn
Lè pwèl nou t'ap fè kè
Kò'm nan kò'w
Foumi'm tou zwit
Nan sak sik ou

Tank'on zegwi
Zwit, zwit nan Sak sik ou
Lanmou an te san bann
Ou voye'm jete...
M'dakò m'toujou di
M'ap chanje, m'ap chanje
Men tank'on goud-dola
M'chanje, m'vin pi mal
Pou chak grenn "je t'aime"
m'gen 1000 defo...

Cheri louvri pòt la non
Oswa yon ti fènèt

Lè'w kite'm
Nanpwen jou, ni lanwit
Lè'w kite'm
Se la lè a....
Se lè a ou chanje sou mwen

Cheri louvri pòt la non
Oswa yon ti fènèt

Solèy lanmou'w di la pa la'l
Lè a lou
San sant kò'w
San pafen toutouni'w
ki met lavi andedan'm
M'sanbl'on zonbi
K'ap kouri
Yon lougarou
Douvan jou
Bwa'm pran nan moulen
Grenn mwen pran nan zip
Sak fè'm deyò lè sa....?

www.facebook.com/pwelzi

Aucun commentaire:

Publier un commentaire