Nombre total de pages vues

dimanche 11 décembre 2016

San plim

Lage'l... Lage'l...
Ban'm de fèy...
Lage'l... Lage'l...
Lagel anba pla menm
pou'm kouri dwèt mwen sou li
Pou'm swe mezi fos mwen
Pou'm danse jouk mwen bave
Wi fwenk, jouk mwen bave...
Gen de lanwit
Ki fè'm rayi solèy
Gen de nat lè'w sou li
Ou pa anvi wè jou leve
Gen de fènwa ki mete'w sou sa,
Gende fènwa ki mete'w alèz
Alèz pou'w danse
taye banda
Gouye ak lavi...

Wi... Wiiii...
Ban mwen li San plim
Kite'l swa anba menm
Si li sek kou pen rasi
tikadè lap fè soup
Non bat je l'ap fonn
Kou dlo voye
Tout kòl pwal lage...
Épi mwen m'ap danse
Taye banda,
bann nan cho
Tout dan'm sere
Ban'm de fèy, san plim
Kite'm fè pwezi
Kite'm bay plezi
Pou'm ekri ak lang mwen
Sa Kreyol pale,
Sa kreyol sèlman ka konprann...

DarlinJohancy



Aucun commentaire:

Publier un commentaire